Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Tokay Ak “Chay La”– Kanval 2017

$
0
0

Sa fè lontan, tandans RASIN Yo pran yon chèz dèyè nan koze kanaval. Yon tandans ki toujou briye nan moman kanaval, men sa fè lontan la yo twouve yo jis an twazyèm, aprè Kanaval Konpa e Hip-hop. Jenès la chazi Rabòday pito. Sanba Azor ak Kessy Koudjay, kite nou twò bone. Tokay, deside kontinye batay la kanmen’m. Yo pa neglije misyon yo, ki se pou chante mizè Ayiti. “Batay la pa fini pou nou non/ nap kontinye lite/ revandike/ pou fè respekte dwa nou”, chante lead chantè djazz la, Jean Benoit Dusfresne (Jean Jean) kap ede pote Chay La.

Takay vle reple nou kote nou ye, e kisyone ki yès ki responsab. Kontinye chante reyalite peyi a, rete lit Tokay malgre bagay konsa pa popilè ankò nan kesyon kanaval. Lontan, moun pat ka tan pou djaz rasin lage kanaval yo. Jounen jodi a, konpetisyon antre djazz Compas toukou T-Vice vs. DJakout, Rocfam vs. Barikad, pran atansyon pifò meloman yo. Politizasyon kanaval Ayiti kontinye ap evolye. Politik toujou jwe yon ròl nan kanaval Ayiti. President Michel Martelly, dwe jwenn kredi pou jan’l montre klèman fason yon gouvènman dwe pran avantaj de epòk kanaval. Pwen fèb pèp la ki se renmen pleze, jwenn jwenn satisfaksyon, nan yon pwen chak zòn vle fè kanaval pa yo. Politisyen vle desantralize kanaval la ane sa.

Tokay gen lontan yo pa patisipe sou beton an, men sa pa enpeche yo fè kanaval chak ane. 2000, ak “Manman Marie Sove’m”, djazz la te chanpyon ak premye kanaval yo te parèt sou sèn nasyonal la. Akoz de pozisyon djazz la sou kesyon politik peyi, djazz la te oblije kouri kete peyi a aprè Blan Meriken te vin pran President Jean Bertrand Aristide, ke anpil moun te konside mèt djazz la.

Tokay toujou fè bèl kanaval malgre sa fè lontan yo fè yon hit kanaval. Jean Jean rete youn nan chantè rasin ki pi respekte. Chantè a pa limite tèt li, rasin se pa sèl tandans Jean Jean chante; li chante nenpòt stil la. Li menm ak maestro Tokay la, Toto, ap travay sou yon album la ki reyèlman diferan rasin. “Fanatik Tokay yo pral jwenn yon lòt Jean Jean”, di chantè a.

Chay la
Bonjou bonswa one lasosyete
Bondye fe nou gras poun we yon lot ane
Nap salye memwa sila yo weki ale
Samba kessy samba azor tokay pap janm bliyen
Ayayayay batay la ap kontinye
Nou pap bouke revandike
Pou peyi a libere
Pou nou ka mache ansanm
Jan desalin tousen te vle a(×2)
Fanmi mwen yo zanmi mwen yo
Batay la pa fini pou nou non
Nap kontinye lite revandike
Pou nou fe respekte dwa nou
Fon dechouke tout move je
K anpeche nou avanse
 Abolotcho sousou mannan
Ki vlen kontinye mache tet bese
Nou sonw pep ki vanyan
Yon pep souveren
Fok nou sove diyite nou
Fon dechouke tout move je
K anpeche nou avanse
Nonw peyi san fwa ni lwa
San fwa ni lwa
Yon jenes san avni
Yo san avni
Kandida lide nou yo
Sonw paket kriminel
Gen sak nan blanchiman
Nan blanchiman
Gen sak te kondane
Te kondane
Ayisyen fok nou kale jen
Neg sa yo pa kalifye
Mezanmi men tokay
Mechan mechan mechan mechan mechan ou
Nan yon peyi polisyen yo san vizyon
Pi bel pwoje yo se vann nanm yo pou lajan
Pep la p depafini anba lamize pa gen sante
Yo fin vann tout san posede
Wi tokay woy tokay wi tokay
Le map gade eta peyim
 sa fe mal sa fe mal(×3)
Pep ayisyen pa kapab anko non ooo
Yo pa kapab anko non ooo
Jeova npa kapab anko non
Yo pa kapab anko non ooo
Neg yap vole dola sekant
Wi
Pwofese paka touche
Se konsa
Gad on gwoup piyaje
Wi
Amwe
Wi konsa yo ye
Yawe yo pa kapab anko non ooo
Non non npakapab anko non
Yo pa kapab anko non ooo
 Ayisyen divize pou pouvwa avek dola
Youn ap dechire lot peyi a abreye sou bak
Ayiti okipe jenes la fin depeyize
Jeova papa souple di yon mo pounou
 Ayisyen divize pou pouvwa avek dola
Youn ap dechire lot peyi a abreye sou bak
Ayiti okipe jenes la fin depeyize
Jeova jeova papa di yon mo pou nou
Ou kraze pwodiksyon peyim ou ban yon bann mange pepe
Ou vle kraze kiltim
Vle fem bliye istwa peyim
Ou vin a epidemiw pou detwin pran san posede
Jeova papa souple di yon mo nan sa
Ayisyen divize pou pouvwa avek dola
Youn ap dechire lot peyi a abreye sou bak
Ayiti okipe jenes la fin depeyize
Jeova jeova papa di yon mo pou nou
Ooo ooo ooo fe respew poum pa nonmen nonw(×2)
Pwoblem kidnaping pwoblem blakawout
Chay la nan menw
Pitit fin yo lage nan pwostitiye
Chay la nan menw
Gad malad kap soufri dokte yo nan grev
Chay la nan menw
Nan male peyim neg yo pwofite pou yo rich
Chay la nan menw
Ki ke yo ke ha ha ha
Chay la chay la chay la lou
Chay la nan menw
Chay la chay la woy chay la nan menw(×2)
Pep ayisyen pa kapab anko non ooo
Yo pa kapab anko non ooo
Jeova npa kapab anko non
Yo pa kapab anko non ooo
Depite degrengoch
Senate depaman
Depiw pa gen dosye ou pap ka chef
Pep ayisyen pa kapab anko non ooo
Yo pa kapab anko non ooo
Non non npa kapab anko non
Yo pa kapab anko non ooo
Ooo ooo ooo fe respew poum pa nonmen nonw(×2)
Neg yo pran don peyi a pou fe kotreban
Chay la nan menw
Patat mayi manyok manga kreyol yo ye
Chay la nan menw
Yo pa pase ladwann dim pouki yo vann che
Chay la nan menw
Manman papa pitit lage debra pandye
Chay la nan menw
Peyim chage resous mtande yo pa pou nou
Chay la nan menw
Yo dim zile peyi a pa pou ayisyen
Chay la nan menw
Chay sot sou tet tonbe sou zepol
Chay la nan menw
Chay la chay la chay lou
Chay la nan menw
Mpa konn si poum monte mpa konn si poum desann
Chay la nan menw
Misyon janjan tokay se pou chante mize
Chay la nan menw

Facebooktwittergoogle_plus

The post Tokay Ak “Chay La” – Kanval 2017 appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Latest Images

Trending Articles



Latest Images