Mistè Francky ak Kle’l!
Moman anpil Ayisyen ap tann nan, moman kanaval la rive. Kanaval 2017 sa, tout moun ap tan mereng kap fe plis buzz la. Kesyon gwo djazz, gwo sispèsta paka pa ta dwe twouble nou, enpeche nou tande nouvo atis kap eseye pran chans yo. Mistè Francky AKA Tipnèz, lage yon bèl grenn kanaval pou ane a. Kle Wouye, ap pouse pou nouvote. Selon Mistè Francky, tout lot yo gen Kle Wouye, se li menm ki gen bon KLE yo.
“Nan koupe pye bwa peyi a tounen Tèt Kale/ si’n te konn plante se pa la peyi a ta ye”, Mistè Francky chante. Li espere chanje tout Kle Wouye ak kanaval sa. Men fòk li rive devan pòt yo avan. Kanaval la gon good vibe. Son kanaval la trè kaptivan, men hook la te ka pi fasil ak yon melodi moun paka reziste. Kanmen sou tre bèl kanaval, li ka fè lis top kanaval ki gentan soti yo. “Nan ti kanaval sa map prann plezi’m nèt ale”, li chante.
Francky di si’l pa jwenn cha, lap pouse bourik li. Paske fòk li byen pase kanmenm, Frekan Entertainment kap pouse bourik la. Nou wè gen gen atis ki sou artwork kanaval la, tankou Baky, Wendyy, Ti Joe ak Kle Wouye nan men yo. Nou pa konnen pouki Mistè Francky mete mesye sa yo sou artwork, paske kanaval la pa gen pyès toya pou yo nan tèks la.
Tande, pataje’l si’w renmen’l.
The post Mistè Francky AKA Tipnèz Gon Kle Nèf Tout Lot Yo “Kle Wouye” – kanaval 2017 appeared first on HMIBUZZ.COM.