Shassy sou karye mizik li, eskandal, “Map Chat”, “San Wont”, e anpil lot ou dwe konnen de li. Fin li interview sa, wap we li Pa Fanm San Tet.
Pandan lap “Chat” konsa, Shassy parèt nan HMI la epi li etabli tèt li kòm yon atis sètofye e konfime. Premye mizik atis la –“Map Chat” fè aprann swaf jenès la pou evolisyon teknoloji ke Ayiti tap kriye pou anbrase. Nan yon epòk tout brennjwenn te gentan ap mande pou telephone, “Map Chat” te vin ogmante foli a. Gen anpil moun Ayiti, se aprè mizik sa yo te aprann kisa’k “chat” la. Lè mizik la te fèk soti, anpil moun te panse se te yon mizik jwèt. Anpil DJ pa vle jwe mizik la; men, lè anpil fanatik komanse mande mizik la yo pat gen chwa.
Pou montre li ka atake sijè serye tou, Shassy parèt avèk “San Wont” featuring Tonymix, DJ pi popilè nan HMI la. San Wont son mizik sosyal ki plis pale de reyalite politik peyi a ap konfronte. Eberne Toussaint (Bagay 9), ki se nouvo manager Shassy te fasilite interview sa. Shassy pale de tout bagay nan interview sa, menm de skandal video ki montre pati prive atis la, ki te fè anpil bri sou nèt la. Li tou anonse Shassy Foundation ke lap travay.
HMI Buzz: Shassy mèsi pou interview sa.Pale Nou de Shassy Ki tè jenn ti demwazèl Ki tap reve Pou vin yon selebrite.
Shassy: Lol… Depi m Piti mwen te renmen danse ak chante. Tankou tout timoun mwen te toujou reve tounen yon moun selèb. Ofi a mezi map granti mwen te vin pran sa oserye. Mwen antre nan yon troup de dans pou mwen pou m te apran danse pi byen e chwazi fè karye nan mizik.
HMI Buzz: Ki lekòl Ou te ale? Kay mè lol?
Shassy: Mwen te Lekol immaculee conception. Se lekol kay mè kidonk yon lekol kongreganis.
HMI Buzz: Ki yes kite Atis prefere w pandan’w tap grandi?
Shassy: Atis preferem se te koupe kloure Ke grand mere Mwen te kon toujou ap tande.
Menm m t toujou reve yon group solid Tankou ram ak boukman experyans. Lolo ak manze se de atis mwen renmen pou stabilité yo.
HMI Buzz: Kòman hit “map chat” la te enspire?
Shassy: Sak te enspire m hit Map Chat la se fason Mwen tap gade jan teknoloji a tap anvayi vi prive nou. Mwen se yon atis ki enfliyanse anpil sou anvironman li. Sa map viv chak jou. So, mwen te anvi dekri reyalite sa nan yon mizik epi mwen sezi we anpil moun te apresye l.
HMI Buzz: An’n pale de eskandal si sa pap deranje’w. Kijan sa te ede karyè’w e deranje’w an menm tan?
Shassy: Eskandal la se te yon aksidan
Tout Moun te konin Deja m te perdu tel mwen, se te pou Menaj Mwen video a ye li still avèm. Mwen paka di li te ede karyè m pliske mwen te deja fè hit Map Chat la deja. Mwen pa kwe fò yon moun fè skandal pou popilè. Sa plis Fè profitè. Siksè sou skandal paka durab. E janm di w la mwen remen bagay ki dire, ke moun apresye pou sa yo ye san enfliyans oken skandal.
HMI Buzz: Oken regrè?
Shassy: Natirelman m te regrèt Ke lòt je te wè l. Li pat dedye o publik.
HMI Buzz: Ak kiyès Ou poko travay Ou ta renmen travay?
Shassy: Gen Anpil artist Konpa m ta renmen Fè kolabo ak yo.M pa bezwen di site lis la men Tijo se youn ladan yo.
HMI Buzz: Si Pou ta tande yon Sèl Atis pou tout yon ane, Ki yès li ta Ye?
Shassy: Si Poum ta tande yon sel Atis nan yon ane … Li tap koupe kloure. Mwen trouve sete yon avangadis. Li te imaje anpil ti kote piman ti kote oze a. Ampil moun di li te di petiz mwen menm mwen plus wè li tap bay plezi. Li tap distrè w fè w bliye reyalite difisil ke pèp la ap viv la depi pas 200 zan.
HMI Buzz: Eske Ou poko Janm tande yon chante Ki fè’w kriye?
Shassy: Wi se toutan m tande mizik Ki fè m kriye. Tankou time after time de Cindy Lauper.
Yon lot mizik ayisyen kon fem kriye
Accident de Larose (Dieudonne Larose) ak Timoun Andeyo de Pierre Jean.
HMI Buzz: Si gon Bagay Ou ta fè Diferan nan karyè’w, Kisa’l ta Ye e poukisa?
Shassy: Ou ak wè kijan denye tan sa yo mwen ofri plus varyete nan style muzik mwen. Mwen eseye rive sou plus mounn. E sa reyisi anpil sutou jan mwen we denye mizik a karaktè sosyal mwen an ap mache ki se “SANWONT “. Mwen panse mwen te dwe fe sa pi lontan.
Diferan de lot Atis yo…
Se Fè yon wèm sou yon lot ang montre polivalans mwen ak lot jan de mizik ak lòt kolaborasyon tou.
HMI Buzz: Kijan’w Ou ta renmen Pou moun wè’w?
Shassy: M ta renmen Pou yo wè m tankou yon vrè atis. Yon mounn ki sansib e ki konprann reyalite peyi a. Mwen chwazi pou m se yon atis ki bay plezi ki mete lajwa kelke swa mesaj map fè pase a. Ou ka wè menm lè map chante sosyal la san pa denature stil mwen. Mizik SANWONT la prove sa e sa mache.
HMI: Defini siksè Pou Nou ?
Shassy: Siksè pou Mwen se lè wap Fè hit an menm tan wap Fè kob![😀]()
HMI Buzz: Kisa Ou panse Ki Pi enpòtan Pou yon Atis Ki jwenn siksè?
SHAssy: Pou yon Atis jwen Siksè Fow pa pè Siksè a Fow Vle Siksè a. Siksè a t met Sou tèt pye bwa byen wo Fow pa peur tonbe pouw Monte al pranl.Fow ka mete nan tèt Ou vle l Kelkeswa janl ye wap pran l.
HMI Buzz: Aprè Mizik, kisa Ou gen plan Pou’w fè?
Shassy: Se Fondasyon Shassy, Pou ede Timoun Ki vreman nan bezwen. Lè map gade kijan anpil timoun ap soufri Sutou sa ki san fanmi yo, mwen te toujou anvi ede yo nan fason mwen kapab, sevi ap popilarite m pou cheche èd pou yo. Men tout bagay sa paka fèt an dezod. Fodasyon an se yon fason pi fomèl pou oganize tout ide sa yo e mete yo an pratik pou benefis timoun yo.
HMI Buzz: Ki Atis Ayisyen Ou yon “crush” sou li?
Shassy: Lol…Atis ayisyen m crush Sou li, eske li vreman atis ? Li rele jjj… Pou mwen se Atis Pam nan sa pa gen lòt.
HMI Buzz: Shassy gen mennaj ?
Shassy: Wi Mwen gen Menaj.
HMI Buzz: Ki Pi gwo challenge Pou Atis Fanm?
Shassy: Mwen pa panse mwen gen challenger bò kote fanm yo. Mwen se inovatris style pa m nan nan peyi a. Map goumen pou enpozel. M plis gen elèv ke chalenger. Lol
HMI Buzz: Ki konsèy Ou ta bay yon jèn Fanm Ki ta renmen yon karyè mizikal?
Shass: Konsey m tap bay yon Jen Atis kap vini… travay pouw Fè Bon mizik. Epi veye gen Anpil Moun kap bezwen Pran avantaj de nou.
HMI Buzz: Sou Ki projè Wap travay la?
Shass: Projet à court terme Mwen se yon konpa Shassy ft Pierre Jean.
HMI Buzz: Pale Nou de projè sa. Nan Ki pwen li Ye?
Shass: Projet Sa preske fini Producteur a se Alex Abellard du group Zin. Se yon mizik kap pale fok ou pa fye w de aparans. Encore une fois se bagay map viv. Lol … Album nan c pou December. Li poko gen tit.
HMI Buzz: Nou apèsi Wap travay ak Ben T Promo. Pale Nou de relasyon sa e Sak te vin ak ide a?
Shass: Ben Bagay 9 se mwn m se Ben Bagay 9 … se afè Pam. Moun Pam Zanmi Pam toutan.
![Shassy Pa Fan San Tet. HMI Buzz.]()
Shassy Pa Fan San Tet. HMI Buzz.
HMI Buzz: Kisa’k bon ak social media e Kisa’l ofri Ki pa bon?
Shassy: Sak Bon nan sosyal medya se promosyon ou ka Fè pou tèt Ou San trouble.
HMI Buzz: Lè Wap li kòmantè negatif sou rezo sosyo yo, Ki reyaksyon w? Ou Ri Ou fache?
Sha: Anpil fwa lè Moun nan se kritik pou krazew lap Fè Ou oblije ri. Men lè kritik la pozitif m pranl m aplikel.
HMI Buzz: Pa gen siksè San haters, Kijan Ou balanse love yo ak hate Ou jwenn?
Shassy: Mwen bay tout menm love la
Nou tout se Fre ak sè se yon sèl.
HMI Buzz: Pataje yon Bagay krezi yon fan te eseye fè’w?
SHA: Bagay krezi yon fan fèm se Chita Sou Facebook rele tèt yo Shassy epi mande Moun kob Sou nonm. Voye vye foto San tèt yo pa paret pou djaspora voye kob. Yon lot Bagay krezi fans mwn Fè se mete ajenou bom nan pye.
🤗
C’etait chou m Te renmen San en publique encore. Nan yon Program m te al Jwe.
HMI Buzz: Fini fraz sa yo. Shassy son fanm ….
Forte ![💪]()
![🏻]()
HMI Buzz: Shassy pa fanm … San tèt
![Shassy Pa Fan San Tet. HMI Buzz.]()
Shassy Pa Fan San Tet. HMI Buzz.
![www.facebook.com/theHMIbuzz Facebook]()
![https://plus.google.com/114474885162515367220/posts google_plus]()
The post Shassy Pa Yon Fanm San Tèt appeared first on HMIBUZZ.COM.