Quantcast
Channel: Music
Viewing all 113 articles
Browse latest View live

Krezi Beatz – Kite Peyi’m Mache feat. Pascal Millien, Kelly Millien, Reginald Calvert (KANAVAL 2Y16).

$
0
0

 

 

Krezi Beatz – Kite Peyi’m Mache  feat. Pascal Millien, Kelly Millien, Reginald Calvert (KANAVAL 2Y16).

 

Anpil moun gen dwa pa konn gwo kokennchenn travay Krezi Beatz te konn fe nan kanaval avek Djazz rasin Koudjay, men moun kap swiv mouvman kanaval la lontan konn travay li, sitou nan gwo hit kanaval tankou “Gran Manje” ak “Kokorat” ke tou le de te chanpyon. Nan kanaval sa yo, li te premye keyboardist ki te mete solo nan kanaval rasin. Avan sa pat jan’m gen solo nan kanaval konsa. Apre kanaval sa yo fe gwo sikse, tout lot djazz rasin te komanse swiv “trend” sa.

 

The studio environment was great and it was a pleasure to work with the football player Pascal Millien, he is a great guy, very friendly and also Calvert Reginald I know him for a long period of time. Nixon Mesidor , Makiki Dissip and Kelly it was great to work with those Professionals. sa te ran travay la pi fasil lol

Sa fe lontan Krezi Beatz pran yon break nan mouvman Kanaval la, ane sa li tounen nan kanaval la ak “Kite Peyi’m Mache”. Nan Kanaval sa, Li ap prezante nouvo son’l pou season kanaval la. Kom producer jwe anpil avek djazz li a nan moman, pou tout sezon kanaval la, fanatik yo ap gen chans danse kanaval 2y16 sa. Kanaval sa gen dwe pa nan nivo hit kanaval atis la fe deja, men kanaval sa ap fe travay li.

 

I left Haiti since 2000, I just expect the people from Haiti specially moun yap peye pou fe manifestation yo,sakap kraze brize ,boule lekol pou yo pran yon ti konsyans poun ka retire Haiti nan trou kotel ye a.

 

Kom nou konnen mouvman kanaval vin tre politize, djazz gendwa gen bel kanaval epi li pa jwenn pyes konsiderasyon. Radyo yo fe plis tan ap pale de konpetisyon antre djazz toukou T- Vice v. Karimie, Barikad v. Racfam, tan pou yon ede piblik la dekouvri anpil lot kanaval ki gen deyo a. Mesye yo ta sipoze fe video pou kanaval sa nan weekend nan dapre sa Krezi te di nou.

It feels great to comeback after such long time but I always participate on several carnival over the years with Top Adlerman,TVice, Djakout #1 and so on….

HMI Buzz

 

Krezi Beatz - Kite Peyi'm Mache (KANAVAL 2Y16)

Krezi Beatz – Kite Peyi’m Mache (KANAVAL 2Y16)

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Krezi Beatz – Kite Peyi’m Mache feat. Pascal Millien, Kelly Millien, Reginald Calvert (KANAVAL 2Y16). appeared first on HMIBUZZ.COM.


Kanye West Kite Fanm Jwe Nan Twou Bouda’l

$
0
0

 

Kanye West Kite Fanm Jwe Nan Twou Bouda’l. 

 

Bon, depi ye maten, bagay kap fe aktyalite a se gran atis Kanye West ki ta sanble yon neg ki renmen fan’m jwe nan twou bouda’l. Pou prepare fanatik li yo e tout res mond la pou setyem  album li kap rele Waves  ki gen pou soti tre byento. Depi sou premye album nan te College Dropout, swiv– Late Registration, Graduation, 808 & Heartbreak, My Beautiful Dark Twisted Fantasy, Yeezus, e kounye a Waves, Kanye toujou kreye yon buzz pou’l fe moun eksite, paka ret tann album nan. Enben Wiz Khalifa, ki se star ki te marye ak ansyen fanm Kanye, Amber Rosse, te voye yon toya apre Kanye te fin tweet album nan ki pral soti a. Sa fe 2 atis yo nan joure sou twitter. Pou jiskaske, Kanye West lage yon tweet ki pase men pran Eks li (Ex; ki vle di anyen mennaj ou amoure). Manmzel lage yon ti tweet byen senp ki ale konsa — ” Awww @kanyewest are u mad i’m not around to play in ur a** ole  anymore?”. Nou tradwi ” Awww @kanyewest ou fache m pa la pou’m jwe ak twou bouda’w anko?”. Woy!!! sa fe anpil pale sou Facebook, Twitter, Instagram; moun menm ap fe meme di kap dekri atis la nan yon eta ou pap ka konprann.

Tout moun sou rezo sosyo yo ka ap pase Kanye nan rizib la, ap ri’l, e menm kesyone eske li se yon masisi. Kanye menm ap souri, paske li konnen fok moun pale kaka pou biznis la mache. Tout otan li ka jwenn kaka pou’l ba yo pou yo pale, se plis yap follow’l. Ou ka imajine’w, moun telman bezwen konnen sa kap pase nan la vi gwo selebritite sa yo, yo ka pase tout jounen yo sou Social Media pou ap veye sak di. Selebrite yo konnen fok kaka pale, paske pi fo moun renmen le gen kaka kap pale. Le vi prive moun ta soti, anpil moun jwen anpil entere pou yo ka jije. Pa bliye nap viv nan yon laj, kote chire youn lot, desann youn lot se sa ki alamod. Moun renmen kanpe sou de ran pou ap asiste. Se menm jan la nan kriz politik lakay la, ou ka we se sou Facebook pou anpil moun pran News Yo. Sak kanpe sou de ran, sa kap tout eksprime tet e montre kote yo kanpe. Men tou nou konnen tout bagay gen yon jwet ladan’l, e depi genyen yon jwet, genyen jwe ladan’l. Ap toujou gen yon ganyan, yon pedan, ak yon kap pedi tan.

Nap viv nan yon tan la, tout moun ap cheche freedom yo. Tout moun vle eksprime tet yo. Sije ki enterese moun yo tankou Sex, Joure, Denigre, Tiye ect. Yap cheche Konnfuz nou pou pwofi ka fet.

HMI Buzz, bay Eksperyans Ayisyen Ameriken an.

Rodly Madeus

facebooktwittergoogle_plus

The post Kanye West Kite Fanm Jwe Nan Twou Bouda’l appeared first on HMIBUZZ.COM.

HMI Buzz: Dabenz Beef Gazzman Ak Gracia Delva – System Nan Kanaval

$
0
0

HMI Buzz: Dabenz Beef Gazzman Ak Gracia Delva – System Nan Kanaval.

Bel entwodiksyon pou yon kanaval kap soufri lontan, li bay yon sans ke son Hip-hop naval, epi vire an Raggea, then mache a lage avan Dabenz Chery, lead chante djazz la — “Sak Pase la? …” an souriyan komsi se le Gracia Delva te Wa Konpa nan epok 2 mill, 3, 4 yo. Pa gen bagay ti moun respekte granmoun anko, sitou granmoun kannay. Donk Gazzman Couleur ak tout Gracia Delva aprann sa nan kanaval sa ki titre “OBODJO OU YE”. Kanaval sa karese plizye moun, men se Couleur a li manyen; se swa atis la refe ouyen li vin pi mal nan koze sa.

Byen lontan nou pa tande yon vre Kanaval Konpa konsa. Neg yo telman lage ko yo nan biznis, yo bliye mizik. Ernst Vincent aka Ti Nes ak Dabenz ekri yon tre bel kanaval. Yo manyen moun nan kanaval la byen manyen epi ak yon konpozisyon mizikal ke moun paka pa danse. “Ou gon kote’w poko manyen”. Ou gon kote’w poko pase. Ou gon kote’w poko gade. Ou gon jan’w poko manje’l. Ou gon pozisyon ou poko bay. ” Ou gon kote’w poko totot”. Bon Dabenz montre ke li pa nan griyen dan e ‘l pa bezwen tande Mr. OBODJO. Kom Gazzman gen etiket ipokrit, tout moun ki deal ak atis la ka fon panse. Dabenz dekri atis nan yon nivo grav. Li di tout lajounen “son Couleur”, pa janm evolye; donk atis la vin touen yon “abodjo” moun pa bezwen tande nan moman selon Dabenz.  Gazzman ki te chanje non Dabenz a “Robert Martino” pou te montre kijan Dabenz vin grimo jouen jodi a; enbyen, Dabenz di’l “Alevouzan”. Bon atis la menm farouche tet li, li rele tet li “Original Michael Jackson”. Si se vre Gazzman pa konn manyen fanm, Dabenz tout montre misye kijan pou’l apran manyen paske li manyen Couleur a tout kote.

“Haiti pou tout tan. Ayiti pou tout tan”. Premye sije kanaval la manyen se Ayiti. Mesye yo plimen yon tre bel text avan Dabenz antre nan mouda Gazzman Couleur ak Gracia Delva kap desann nan biznis la, ki lage nan politik e paka delivre nan depatman mizik la, e ki pa menm popile nan depatman Latibonit kote yo soti, nan moman an. “Yon Senbol de rezistans”, Li di a tout politisyen yo “le nou di nou se Ayisyen, fok nou montre nou fye de sa, pa fe move zaksyon pou imaj Ayiti rete pozitif”. Se pa di, ou dwe montre ou fye de sa . Dabenz “fini ak ti depite Machan an”. Gracia ki fek reelekte pou depite Machan, rete andeyo li menm. Menm jwe li pa jwe anpil konsa nan kapital la. Politik la pi fet andeyo kote ki bay plis moun enbesil ki pa konn anyen nan anyen — si nou ta pote plis eklesi sou sa Dabenz ta vle di Politisyen Mizisyen Gracia Delva.

System Band fe yon bel “rasanbleman” son nan kanaval. Yon moun ap jwenn tout bagay nan kanaval la pou’l brase ren’l panda lap chante ede faouche men Paste Blaze Dabenz blaze nan kanaval sa. System Band nan kanaval la vre. Kanaval la plen bel melodi. “Ayiti nan ke nou, Ayiti pou tout tan, Ayiti forever. Nou pa fin kle nan Dabenz vle di Junior Rigolo Pi Lwen Ke Zye; nap swiv toujou.

Kanaval sa sipoze yon hit. System Band reklame cha ak kanaval sa si gen kanaval ane sa. Nou pa ka bay tet nou manti, ane politik la ka gen priyorite sou kanaval la si Sweet Micky pa pran lari avan 7 Fevriye ki se dat konstitisyon Ayiti mande. Kanaval sa montre kijan D.P Express te konn fel. Alekile konpetisyon yo pa fokis ase sou mizik, tout gwo neg yo lage nan fe bann rara, bay bouyon rechofe, san kreyativite, san foug, san onetete, san konsyans. Bagay la toujou mizik, menmsi nap fe politik.

Konpozisyon an kredi Ernst Vicent, Dabenz Chery, e Junior Clovis ki ta sanble taye beat la.  James Douze ede ak koral, melodi, animasyon, e pawol. Reginal Benjamin bay gita serye. Roody Apollon kenbe kanaval la enejetik.

Neg yo fe tout bel travay sa san yo pa antre nan vi pesonel oubyen respekte  moun. Se sak yon konpetisyon, men tout konpetisyon evolye a yon pwen si tout de pati yo konsistan nan dekri yon foto oubyen yon imaj enteresan de yon lot.

Nap swiv kijan beef sa ap dewoule. Nan ki nivo lap rive, eske Gazzman Couleur ap mete ansanm pou reponn Dabenz. Nap we si Disip e Mass Compas ap ka manyen kanaval sa.

HMI Buzz

 

HMI Buzz: Dabenz Beef Gazzman Ak Gracia Delva - System Nan Kanaval

HMI Buzz: Dabenz Beef Gazzman Ak Gracia Delva – System Nan Kanaval

facebooktwittergoogle_plus

The post HMI Buzz: Dabenz Beef Gazzman Ak Gracia Delva – System Nan Kanaval appeared first on HMIBUZZ.COM.

Barikad Crew – Travay Kanaval 2K16 + Lyrics

$
0
0

 

Barikad Crew – Travay Kanaval 2K16 + Lyrics

 

Bon, pa gen pale anpil la. Barikad Crew deja montre tout pep Ayisyen an  yo konn fe kanaval. Yo gendwa paka janm refe kanaval nan nivo “Toup Pou Yo” e “Tay Kreyon” anko men depi mesye yo regroupe yo nan bon espri ki marye ak amoni, yo toujou delivre. Travay se 10em kanaval Creole Hip-hop band nan fe, e tout kanaval yo komanse ak let “T”. Nan kanaval sa, neg yo plis fokis “nan travay” e “sispann batay”. Neg yo di yo pa sou kanpay, se travay yap travay “pa gen chita ranse”.

Ane sa BC pa two fokis sou rival yo, Rocfam. Gen anpil ti kalot ki bay, men bagay la se travay li. Bricks lage flow, Izolan lage pawol, Fantom lage vib li, nan mitan bann nan.

Konsep Travay la byen travay. Sa son Hip-hop naval tout bon, neg yo pa eseye panche konpa. mesye yo kenbe son orijinal BC. Barikad Crew lage youn nan pi bel kanaval pou ane a nan tem teks pozitif, anbyans,e animasyon.

“Gade jan yon peyi rich pou’l ap pase mize”, fasil pou pase paske moun yo pap gen pwoblem chante sa menm. Tout moun ki vle travay ap leve men ale paske “travay se libete”. Tout sa kap cheche travay gen pou cheche kanaval sa. Neg ki parese e ki gen pase 40 e sou konn paran, pap renmen teks kanaval sa, sitou jan Izolan pale avek yo la. Mesye yo plime yon tre bel text ki ta dwe mache pou sezon politik kap fe aktyalite nan moman.

Nou pa konnen ki sa ki pral genyen sou beton an, men kanaval sa ta sipoze nan heavy rotation e tout DJ ap bezwen genyen’l.

  • HMI Buzz

 

 

BC – TRAVAY LYRICS

Barikad Crew - Travay Kanaval 2K16 + Lyrics

Barikad Crew – Travay Kanaval 2K16 + Lyrics – HMI Buzz

[INTRO]
Nan silans, nou travay san pèdi sans,
Ayisyen, nou konn sa li ye deja!
1 – 2 – 3 – 4 – 5 – 6 – 7 – 8 – 9 – 10
BC, BC, B-BC, BC, B-BC, BC, B-BC !
C’ quoi l’affaire?
BC, BC, B-BC, BC, B-BC, BC, B-BC !
U know what it is!

[CHORUS 1]
Travay son gwo bagay
Lakay An’n sispann batay
Pou’n met peyi a sou ray
Nou bezwen travay
Bezwen moun ak may
Pou’n fè bèl bagay
Jenès la bouke pase tray
Fò’n ba yo travay
Pou yo pa detay
Sak deyò retounen lakay
Vin ede’n travay

[FANTOM]
Anplis de love nou bay (Ayy!)
Fanatik yo fè’n travay (Ayy!)
Gen sa’k di nou s’on grabday (Ayy!)
Poutan nou fè bagay (Ayy!)
Medam an’n fè bye bye
Mesye no briganday (Ayy!)
BC pra’l fè nou high (Ayy!)
Yap met pyèj nap travay (Ayy!)

[BRITAL]
Ayayayayay! (Woy woy!)
Tand’on Deblozay (Li cho li cho!)
Frap sa gwonde tankou Loray (Se blogodoy!)
Lè Barikad rive’l tranble tout kay (Vin voye dlo!)

[HOOK 1]
(Travay!)
Si’n bezwen tout bon, Ayiti avanse (Travay!)
An nou met men, pa gen chita ranse (Se poun travay!)
Fòk nou respekte, tt moun kap kreye (Travay!)
La critique est aisée, il n’y a pas de sot métier
Se pa rete tann gouvènman, li lè pou’n f’on mouvman
Ou gen plis pase 40 tan, toujou sou kont paran
Plede pran diaspora sou plan, pou’w jwenn transfè lajan
Peyi nou gon pakèt richès, epi’n tankou mandyan

[IZOLAN]
Madanm mw leve’l kite kay la paske’m pap Travay
Menm vwazin ki konn prete’m tay la di li pap banm ride
Depiw pap fonksyone, moun jourew parese
Lèw bezwen ou mande, yo trete’w ti visyeu
M detay, m detay , avèk lavi map fight
Map met, may map met may, kanmenm fò’m jwenn travay
Ou te mèt ap pous’on bourèt yo palew mal (Pa okipe yo)
Konnen travay se libète, lè yo gade’w (W’ale kite yo)

[HOOK 2]

[BRICKS]
Mwen diw brase, men piga’w vann dinyite’w pou djòb
Ou ka punche, san’w pa bay okenn patron bl** job
M travay anpil avek micro’m, m chante pou pèp, chante pou sak ba
Gen jèn gason’m chanje nivo, tankou gen fanm m fè travay chak swa
Bravo pou tout antreprenè kap ba moun degaje
E chapo pou tt paran kap goumen pou’w jwenn 2 papye
Pare’w pouw konbat lavi, kalme’w son konba avi
Pa bliye ke Ayiti ka cheri, pa paradi (Wiiiiiii)

[BRIDGE 1]
O Bondye ba’n plis fòs ooh
Pou nou lite, anba mechan yo
Nou fè Sakrifis
Nou pa jwenn jistis
Nap ret pi fokis
Nap travay pi plis
(Koral)
Ooooooooooooooooo
(BRITAL REPONS)
Pou valè obstak konnen nou pase
Yo di’n fè ve zak poutan se pa vre
E’n konn Barikad pap janm efase
Nap tj ret nan memwa yo

[BRIDGE 2]
Fòn pa bliye lè nap pran plezi nou
Nou dwe pwoteje vi nou
Paske’n se avni peyi nou
Nou pap kite anyen detrwi nou

[ANIMASYON 1]
Izo pral ba yo (Tèk!)
Fantom pral ba yo (Tèk!)
(Nou gran yo depi opa, nou pran yo dpi opa!)
Konda pal ba yo (Tèk!)
Bricks, Brital ba yo (Tèk!)
(Nou gran yo depi opa, nou pran yo dpi opa!)
BC gaye wonn nan (Nou kase chelèn yo!)
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn lan (Sa pa game nintendo!)
BC gaye wonn nan (Frap sa rann yo dingo!)
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn lan

[CHORUS 2-A]
Gadj’on peyi rich, gadj’on peyi rich
Pou nap pase mizè, pou nap pase mizè
Se paske nou chich, se paske nou chich
Nou pa vle viv an frè, nou pa vle viv anfrè
[CHORUS 2-B]
Woooo…pèp ayisyen renmen travay
Ba yo travay, ba yo travay, travay c libète
Woooo Ouwo ouwo ouwo…pèp ayisyen bezwen travay
Ba yo travay, ba yo travay, pou nou k avanse

[BRITAL BREAK 1]
Siw bezwen travay (Weeee!)
Met mayo anlè (Weeee!)
Siw konn fè travay (Weeee!)
Met kepi anlè (Weeee!)
Siw konn bay (Weeee!)
Leve 2 men’w anlè!
Souke-souke-sou-sou-souke-souke-souke yo!

[CHORUS 2-A]

[BRITAL BREAK 1]

[CHORUS 2-B]

[ANIMASYON 2] (Bis)
Sak te diw fè sa (Mèwi!)
Ou konn sa’n ye deja (Ou trayi pèp la papa!)
W’al chèche traka (Vin fourel non!)
Ou tonbe nan aaaaa…(Bann abolotcho!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Radòt!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Anyen’w pa ye!)
Rale kòw la, rale kòw la, rale kòw la, rale! (Ou pa kapab!!)
Rale! Rale! Rale! Rale!

[FANTOM ANIM]
Nan peyi sa pou sa nou fè
Onore’n ak 2 men anlè, epi di:
(Nou fè travay, nou fè bagay, nou fè travay, nou fè!)
Pale moun mal sèlman ou fè
Men moun pa janm wè sa ou fè, ah monchè
(Kite’n travay, kite’n travay, chèch’on bagay pouw fè!)
Tout sak vin moute mal (Kopblip!)
Ti ratatay (2 pat!)
Aryennafè (Kopblip!)
Tout woulibè (2 pat!)
Pou tout parazit (Kopblip!)
Sak gen zizirit (2 pat!)
Tout sa yo te vle fè, pa fè efè, nou ret 1 mit (eklate!)

[CHORUS 2-B]

[IZO ANIM] (Bis)
Ban’m bon jan, ban’m bon jan (men mwen chérie!)
Kounya map travay, kounya map travay (lavi’m chanje!)

[JERRY OUTRO]
Mache’l non madanm…mache li (Ouuy!)
To loose baby! Alèz…ou pran chaj

Yo HYPE!

(An memwa Papa K-Tafalk, viktim kanaval 2015 yo, Black Alex)

facebooktwittergoogle_plus

The post Barikad Crew – Travay Kanaval 2K16 + Lyrics appeared first on HMIBUZZ.COM.

Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16

$
0
0

 

Michel Martelly Defi Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16. 

 

Michel Martelly Pap ka Monte Cha - Kanaval 2Y16

Senate Andre Michel di Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16

Jan nou te di’l nan plizye atik nou te ekri sou zezon Eleksyon Prezidansyel 2015-2016 la, eleksyon 25 Oktob ap yon eleksyon istorik, youn nou pwal gen pou nou pale de li pou anpil ane. Donk, kom nou tout konnen ke Kanaval la vin politize nan yon nivo ki li pat janm konnen, Kanaval 2Y16 nan ka vin yon kanaval istorik tou si Sweet Micky ta monte cha e pase sou Champ De Mars selon deklarasyon Senate Andre Michel fe sou radyo … ke TripotayLakay.com te pibliye sou Facebook. Li aveti responsab komite kanaval la “si yo vle kanaval la ka pase byen. Si yo pa vle kanaval la gate, se pou paki Michel Martelly pase sou Champ De Mars, paske depi Michel Martelly monte yon cha kanaval rive Champ De Mars, deblozay ap pete. Kanaval la ap kraze.” Li kontinye fe konprann nan tout katye popile yo, moun yo pap aksepte sa, “kanaval la ap tounen an dezo”. Yo pap janm kite Micky monte cha ap fe joure moun pou 3 jou ap joure moun, “sa tap inakseptab”. Nou sonje, Senate Michel te youn nan senate ki te di fok li ta mouri pou eleksyon 24 Janvye a, ke konsey elektoral la de oblije kanpe pou tout vyolans ki te komanse e ki ta pral pi myel si eleksyon sa te fet.

Ye Dimanch la, Sweet Micky te lage kanaval 2016 li kote fanatik li fe tout jounen an ap pyafe, bat bravo pou jan Micky mande pou yo bay Tilili bannann na ak tout po; “Ba’l Bannann Nan” se youn nan kanaval ki pi ekoute. Moun telman tande kanaval la, pou jiskaske Carel Pedre te arive tweet ke “nan selman 18 minit. Ba’l Bannann gentan fe 6 mil views”.

Komite kanaval la ki anba kontwol madanm prezidan an, Sophia Martelly gen yon gwo respesponsabilite. Lap oblije repanse bagay yo si li pa vle san koule. Nan montre ki yes ki gen pi gwo grenn bagay la ka gate. Jwet la ka vire yon lot nivo e pran yon lot dimansyon. Jan Andre Michel pale a, pep la pap aksepte Sweet Micky vin derespekte yo ap li fe plis ke 4 an ap manke moun dega, e pa janm fe eleksyon e menm arive eseye vole eleksyon an. Michel aveti Komite kanaval pou pran prekosyon pou sa l we kap pare nan katye popile yo. Ta sanble tout gwo neg yo ap vin tann Sweet Micky sou Champ De Mars. Pa gen sekre ke tout neg gwo zam anba. Moun ka pa chwazi peye atansyon ap sa kap di e fet sou beton an, men moun ki konnen pi byen konnen jan de bagay sa yo pase an Afrik tout tan.

Polemik Djakout #1 na ak T Vice ka pa menm rive Champ De Mars, si Sweet Micky ta monte cha e rive Champ De Mars anvan. Bon kom tou de djaz yo di yo gen zanm nan kanaval yo a, bagay la ka vire an “katakata” kanmenm.

Daye neg yo montre fwa sa yo pa pe blan, e sitou Etazini nan moman an ap prepare pou eleksyon nan fen 7 Novanm, kote pap ka gen yon prezidan ki pran desizyon fe envasyon la. Obama li men, se nan denye ane’l li ye, Ayiti pat janm nan lis li. Nou gen Hilary Clinton li menm ke tout moun vin konnen ki te mete Michel Martelly prezidan ki pat menm vin an 3em pozisyon an 2010, ke Opont Pierre Louis, ansyen prezidan Konsyel Elektoral la te konfime. Donald Trump ap pare pou Hilary Clinton pou’l al ekspoze tout “monkey business” li menm ak mari’l Prezidan Bill Clinton an Ayiti. Etazini pap ka kanpe ouvetman kote Sweet Micky nan bagay sa, selon analiz nou.

Jodi politik mete nou youn an fas lot, pandan yon ti gwoup ap benefisye. Sa kap goumen pou lajan, sa kap goumen pou pouvwa, sa kap goumen pou plis pouvwa, e chak ta vel fe konprann lap goumen pou yon bon koz. Nou swete mesye yo panse ak ekzanp yap kite pou ti moun kap vini yo. Divizyon an pat janm mennen nou yon kote e li pap janm mennen nou pres kote. Nou fe istwa e aprann tout sa ki pase nan yon seri de peyi nan mond la ki kite moun divize yo. Nou swete akte jwet la pran konsyans e sispann panse de tet yo, bay peyi a yon ti chans, e montre tout le mond nou ka dirije tet nou, nou se  met tet nou.

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16 appeared first on HMIBUZZ.COM.

HMI Buzz Exclusive Interview With Jean Jean Roosevelt About Rest Debout Lilie

$
0
0

 

Exclusive Interview With Jean Jean Roosevelt About Reste Debout Lili

 

Jean Jean Roosevelt son gran. Nap bat yon gwo bravo pou li ki fè yon bèl jès, kanpe pou fanm. Li bay Mme Liliane Pierre Paul fos pou rete kanpe avek “RESTE DEBOUT LILI”. Mme Pierre-Paul ki son jounalist ki gen lontan ap goumen pou demokrazi nan peyi Ayiti e ki kontribye nan lit pou dwa imen ak fanm. Fanm vanyan sa te youn nan pi gwo kritik Presidan Michel Martelly. Dimanch pase a Sweet Micky montre nan ki nivo li ka desann menmsi li Prezidan. Sweet Micky ki se atis la, anko montre feblès Michel Martelly; chwazi fè yon kanaval — BAL BANNANN NAN — yon kanaval ki sigjere pou yo bay Liliane “Bannann nan ak tout po”.

Kanaval la te fe anpil bri, fanatik Micky pa manke pyafe sou Facebook ak lot rezo sosyo yo, kote anpil gwo jounal Ameriken tankou New York Times, Washington Post, New York Post, Yahoo News e plizye lot gwo jounal etranje te ekri de jan yon prezidan reponn ak kritik nan yon kanaval ki vize e ankouraje zak seksyel kont yon jounalist fanm. Jean Monard Metellus, yon jounalis Radyo Tele Caraibes se youn nan manm medya ke kanaval la te atake tou.

Jean Jean Roosevelt  fe diferans, li pwofite rann omaj ak Liliane pito pou lit li nan mouvman demokrazi kap cheche pran pye Ayiti. JJR, te pito di “Reste Debout Lili” pou ede Liliane jwenn fos apre plizye milyon fanatik Sweet Micky te fe plizye jou ap pran plezi, e ironize’l sou li sou rezo sosyo yo. Nou te kontakte atis la pou ti interview sa:

 

HMI Buzz: Frè Salye’w nan non Gran Mèt La. Kòman ou ye?

JJR: Anfom

HMI Buzz: Mon chè nap felisite kouraj ou pou yon jès parèy — RESTE DEBOUT LILI. Sak te pouse’w pou w te deside di fòk ou te fè mizik pwofon sa?

JJR: Mwen ekri Mizik sa a paske m panse Liliane Pierre Paul mérite yon hommage konsa pou sa li reprezante nan avansman démocrasi an ayiti.

HMI Buzz: Konbyen tan li te pran’w Pou te konpoze mizik sa?

JJR: Mwen pran yon jounen pou fe Mizik sa a paske se te kri kem , m pat Bezwen pase anpil mize pou jwenn pawol yo

HMI Buzz: Eske w te gade Mme Liliane Pierre-Paul Kòm yon viktim?

JJR:  sa ou fe nan lavi wap toujou jwenn moun ki Dako ak sa ki pa Dako , nou pa la fe tout moun plezi , e Mwen panse nan yon égzesis demokratik se yon dwa , ke chak moun genyen pou exprimé To libreman nan respect youn pou lot . Se vre ke gen anpil moun ki pa Dako ,men gen anpil ki Dako tou

HMI Buzz: Kisa wap di ak sa yo kap aplodi “Bal Bannann Nan” par Sweet Sweet Micky?

JJR: …m pa vle opine sou kanaval prezidan an , Mwen plis konsantre sou hommage pam nan , ki se fason pam pou honoré liliane

HMI Buzz: “Reste Debout Lili”, Eske Se pou Mme Liliane Pierre-Paul sèlman w fè’l oubyen tout fanm an jeneral?

JJR: pou Liliane spécialman Men se yon témoignage de rekonesans a tout moun ki utile sosyete a
HMI Buzz: Bon What’s next? Sou kisa Wap travay aktyèlman?

JJR:Épi pou début mois de mars la Map en côte d’ivoire poum patisipe nan MASA ki se marche des arts et du spectacle africain… mesaj la se reste debout … 8-14 février kap vini la a Map New York nan Haïti Deploge

 

 

Jean Jean Roosevelt - Reste Debout Lili

Jean Jean Roosevelt – Reste Debout Lili

facebooktwittergoogle_plus

The post HMI Buzz Exclusive Interview With Jean Jean Roosevelt About Rest Debout Lilie appeared first on HMIBUZZ.COM.

The Global Zoe -Bel Nan Tout Fason Feat. C4

$
0
0

 

 

Formally known, Phatboi, The Global Zoe is one of the most hardworking  artists out there. He has been very consistent putting out quality music and promoting his sound “Zoumpa”, an eclectic sound influenced by Zouk, Compas, R&B, and Hip-hop. He blesses the club with this beautiful tune –“Bel Nan Tout Fason”, in which he features C4 and Krezi Beatz.

The Global Zoe Compas strong influence came from his father who used to own a Haitian radio station as well as a Compas band. “Everyday the house would sound like a party if you were a neighbor”, said Phatboi aka The Global Zoe. “My  dad enjoyed music so much that he even started a band in Haiti. The band lasted for about 3 years but trying to manage a band from the U.S. was very difficult. After too much confusion and so many complications dad decided to pull the plug”, he continued.

The Global Zoe who was already a well-known Hip-hop artist in South Florida, his love for Compas grew stronger and he began to combine the two sounds together. He started out by remixing popular zouk records; he remixed “Deeper” by Nelson Fretais, which was well received as the local DJs started to play it.  The song was in every club throughout Florida within weeks. The feedback was so good that The Global Zoe decided to put together a entire remix project called H.Z.I.C. “Head Zoe In Charge” and that’s when he knew he was on to something big with his newly found sound.

After months of opening for the top Haitian bands in the Haitian Music Industry such as Carimi, T-Vice, Alan Cave, Daan Junior and so many others, The Global Zoe decided to create his own lane of music combining Zouk and Kompa called “Zoumpa”. Zoumpa is an upcoming original musical genre that blends Guadeloupe and Martinique sounds from Africa with both R&B soul and hip-hop flair.

 

“I’m still pasionate about Hip-Hop, that’s why I incoporate it in Zoumpa”, speaking of his love for Hip-hop that he never wavers.

 

The Global Zoe - Bel Nan Tout Fason

The Global Zoe – Bel Nan Tout Fason

facebooktwittergoogle_plus

The post The Global Zoe -Bel Nan Tout Fason Feat. C4 appeared first on HMIBUZZ.COM.

Master Brain Speaks Of His Music, Dad El Pozo, and Collabo W/ Richie

$
0
0

 

Discover Boston based Creole Hip-hop artist, Master Brain. He is the son of Klass renown lead guitarist, El Poze. We reached out to him after discovering his music on Facebook, which impressed us tremendously. Master Brain is a dope lyricist who has a very bright future in the Haitian Music Industry if he continues to push. Check out his music and learn more about him in this interview below.

 

 

 

HMI Buzz: For those who may not know you well, who’s Master Brain? Where are you from?

Master Brain: Bonjour Oubyen HMI Buzz .. Ak tout fanatik yo Sa depann de kilè nap Gade Ti Note Sa Yo…Bon..! Masterbrain Soti LASCAHOBAS (Haiti) Plato Santral ……

HMI Buzz: Tell us about your musical background. Who or what has influenced you to get into Creole Hip-hop?

Master Brain: Muzik Background Kiyès Ki Infliyansem..? M Kapab Di Se Talan an Ki Te Deja nan Papam’.. Romny Florestal ke tout moun konnen plus Sou non ÈL POZO… Epi pou Afè HipHop Creole la Se Lanmò 3 Hero BC yo (Barikad Crew) an 2008 Ki Fèm Komanse Tande rap focus Sou rap epi antre nan Rap….

HMI Buzz: What has been your biggest surprise so far in your musical career?
Master Brain: My biggest Suprise so far is how my fans actually love me..! How they be liking & Sharing my stuff da love is real..! And da biggest biggest biggest one is how I finally have a chance to be close or maybe even have a chance to work with one of my favorite Artist of all time “Richie” (Klass) modèl Pam…

HMI Buzz: Any disappointments yet?

Not really …! No disappointment yet at all..

HMI Buzz: Do you recall your first time in the studio? How was your first recording session?
Master Brain: My first recording session is unforgetable (lol)
Yon zanmi HighSchool Mwen mennenm nan try out pou on ti group Ki Te Rele ShadowCrew nan Boston . Lèm rive m wè on Ti klozèt ak on Ti Mikro pandje devanm Kèm Te Kontan Amortt lol Sa Te Fèt nan Milton Boston .. Inoubliyab, m’ panse l Te dope Anpil .. Until now 😆

HMI Buzz: Kote ou we’w nan 5 ans ?
Master Brain: Nan 5 ans m wè m Sou plizyè album, m wèm Kòm Vwa jenès la, m wè m kóm reprezante Muzik ayisyèn nan, m wèm Kòm yon modèl, yon Legend kap Rete grave nan Istwa Tankou TiManno, Nemour, Black Alex etc.. Hopefully God la Wèl Konsa Tou … 🙏🏾
HMI Buzz : diferans antre yon rape e yon MC ?
Master Brain: Avan m Reponn Kesyon Saa map Diw ke m’ Renmen L Anpil 👊🏾
Yon rapè Se Yon moun lè l’ Kenbe plum li kap mete pwezi atè, lap mete Lirik atè, lap mete flow atè
Yon MC Se Youn Kote San plum San Kaye Nenpòt Swijè a, San ezite kap Lage Flow San beat, San plum San Kaye, San Anyen .. Ex: Mwen menm
HMI Buzz : Do you have other interests or talents you would like to share with us?
Master Brain: Wi m chaje Talan .. Merci God la.. Masterbrain Jwe FOUTBOL .. FÒ Anpil l, Masterbrain Jwe Batri Sa nou Rele Senbal la, Masterbrain Fe plizyè ritm Muzik et Masterbrain Ekri pa Selman Rap, men Istwa, movie petèt liv ki Ka Soti Selon suksè Muzik

HMI Buzz: Eske ou ka di jou pa’w la rive déjà ?
Master Brain: Non..! M pa Ka Di JouPamNan rive Deja, lè Jou Pam nan rive Se lè m wè map Leve drapo 🔴🔵 a 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 Pi wo Devan le mond.. Lè m we Mesaj Mwen Fe Bandi Depoze Zam, le m we tout Pitit desalin ak Tousen Ap Viv nan Lapè edukasyon ak Kè Kontan .. JouPamNan Nan Ap rive lè Bondje Pran MOSO Souf li Te Banm nan ..

HMI Buzz : Konbyen tan li te pran’w pou te reyalize mixtape sa « Jou Pa’m Nan » ?
Master Brain: Mixtape JouPamNan Pran 7an PouM realize l’. As you can see tout Muzik yo old … Sèl Muzik Ki new Se FREETAY ki Se #4 ak MFP ki Se #9

HMI Buzz : Kisa kite enspire « Pitit Fi’m Nan » ?
Master Brain: Muzik Pitit Fim Nan Apart de God, Se doulè Manman L Ki Te enspirem li…

HMI Buzz: How was it working Bricks and Bosal?
Master Brain: Bèl Kesyon .. 👊🏾Travay ak Bosal Se Te yon veritab glwar pou Mwen Paske Depi m lèm Timoun map Tande King Posse Bosal Fè on Bagay an 2005 nan Kanaval TapTap la .. Rèv Mwen Se Te wè Misye Devanm.. Li te artist Preferem nan King Posse Depi lèL fèk rantre .. Et Jou m Te arive Travay ak Misye a .. Mwen Te Manke Kriye ..
Travay ak Bricks Te Gran pou Mwen Tou Bèl vibe Bèl freestyle , Misye cool Anpil , Se Youn nan Nèg BC Ki real Anpil.. Shotta BigUp…

HMI Buzz : What are you currently working on?
Master Brain: Kounyea map Travay Sou 1er album Mwen ki Rele #Sim Pat AYISYEN.. Epi map Travay yon Muzik ak Pascal Millien pou Copa America (Haiti Devan)
Album nan pou Ane 2016 la menm .. Muzik Copa America a Ap Soti Definitivman nan Mwa Juin an

HMI Buzz: Name? Date?
Master Brain: Non..! Masterbrain pa siyen ak pyès label men lap Travay ak yon Ekip Ki Te Pran l mete l Sou moun Ki Rele 116Ent . Et Masterbrain Ap Travay pou l mete team Saa Sou moun nan HMI la .

HMI Buzz: Are you signed to any label?

Master Brain: No record deal! (independent)

HMI Buzz: Share your philosophy or world view with us to complete this interview.

Master Brain: Filozofi Pam..
Monde lan se pi bon et pi bèl plas ki te ka egziste men li abite par pi move kalite kreyati ki te ka genyen. Kreyati sa Rele “LÒM” _____________

HMI Buzz: What is your educational background?

Master Brain: Bon Masterbrain Ki Te ayiti an 2007 m Te gen 18 ans m ta pral Fe Filo…Menw konnen System edukasyon USA a Diferan so lèm Vini pa Bò isit Mwen oblije Fe back. Gras a Dje Nou fini HighSchool la.. Epi Kounyea nap Batay pou nou fini College la Epi mete on Degree Deye BRAIN nan …

HMI Buzz: What’s your relationship with your dad El Pozo?
Master Brain: Relasyon nou Poze .. Gen love ak komunikasyon Ki Se 2 Pi GRO eleman nan kèlkeswa relasyon Ki egziste nou gen 2 Sa yo so.. We good ..
HMI Buzz: Tell us more about your collabo with Richie.
Master Brain: Kolaborasyon m ak Richie poko fin Planifye Paske KLASS Se yon Djaz Ki Bizi men.. Map mete Promès Maestro a an fakteur .. Ki Se soon as Klass Pran yon ti Poz apre 2eme album yo kap Soti byento.. Nap profite de time off Djaz la pou nou Kwit yon Hit pou HMI la … Mèsi Anpil HMI BUZZ: MasterBrain VwaJenèsLa 👊🏾
HMI Buzz: Pleasure was ours.

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Master Brain Speaks Of His Music, Dad El Pozo, and Collabo W/ Richie appeared first on HMIBUZZ.COM.


Married Men – Roby Rob Feat. Flav Athlet & Jude Jean.

$
0
0

Roby Rob drops this very beautiful — MARRIED MEN  — Creole Hip Hip R&B record, featuring two Compas’ great vocalists, Flav Athlet and Jude Jean.  The song was released as a Valentine’s Day present yesterday Sunday Feb. 14, 2016,   to all the lovers who were celebrating love. The song was released released with a video.

Jude Jean showcases his great range and his impeccable vocal skills, while Flav Athlet seasons the song with his Flav and versatility. Roby Rod delivers an easy-to-listen flow with catchy lyrics. This is song has a lot of potential  to be a hit song, especially in the Creole Hip Hop music category. Married Men has the ability to grow on people quickly.

It has become a common thing to see Creole Hip Hop and Compas  collaborations in the Haitian Music Industry .  The signs show that there’s  definitely going to be a lot more Compas/Creole Hip Hop songs coming in the near future, which will open the HMI.

Married Men son tre bel mizik. Mesye yo delivre yon tre bel kolabo ki gen yon bon konsep. Mizik la te lage hier pou fet Saint Valentin an. Nan mizik sa, Jude ak Flav montre vesatilite nan vwa yo. Jude Jean depoze anpil bel vokal nan R&B Hip Hop sa, Flav lage flavor pal, Roby depoze yon yon ti rap ki byen chita.

HMI Buzz

 

 

The Haitian American Experience.

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Married Men – Roby Rob Feat. Flav Athlet & Jude Jean. appeared first on HMIBUZZ.COM.

Gran Tou – Vag Lavi , Blackboy, Lil Zoe.

$
0
0

Gran Tou – Vag Lavi ,  Blackboy, Lil Zoe.

Gran Tou - Vag Lavi - Blackboy - Lil Zoe

Gran Tou – Vag Lavi – Blackboy – Lil Zoe – HMI Buzz

Si nou ta di Ayiti chaje ak talan, sa tap yon pleyonas. Pandan majorite moun fokis sou sa yo ki popilè sèlman, nap dòmi sou yon pakèt bèl jèn atis Ki chaje ak talan kap vini. Nou fyè pou nou ankadre anpil nan Atis sa yo e ede mete spotlight la sou yo. Atis sa yo map pale la, gen lontan depi yap fè buzz e si gran pliblik la poko konnen yo se paske medya pap fè travay li jan li ta dwe fèl. Nap prezante’ Vag Lavi, Blackboy, ak Lil Zoe. Tou lè twa atis sa yo kòmanse fè non yo, sitou Vag Lavi nan tandans Rabòday la. Blackboy gen yon nan pi gwo hit nan lari ki rele “Kwa Pam”, e Lil Zoe te oze’l mande, “Eske Se Vre ?” ki son track ki gen anpil non site ladan’l, Ki te trè entèresan.
3 mesye sa yo Collabo ansanm nan nouvo track sa – Gran Tou, ki son track pou onore fanm Ayisyèn yo.

Nou pap bay Tèt Nou manti medam nou yo merite plis jan de jès sa yo. Yo merite plis chante tankou “Gran Tou” pou non sèlman ankouraje yo, men pou selebre yo tou. Chante a byen Dirèk e eksplike Tèt li, menmsi Lang kreyol la pafwa ka gen fraz ke moun ka entèprete nan lòt sans. Pa ekzanp “Gran Tou” ka sonnen tankou :” “Gran Twou”, ki tap yon betiz, e nou konnen gen vagabon Se sa yap chante lè yo tande mizik sa. Fanm tankou Edridge Danticat, Garcelle Beauvais, Mirlande Manigat, Liliane Pierre Paul, e Emeline Michel site trè fò nan mizik sa. Rutshelle, Princess Eud, Shassy site Kòm gwan tou.
Nou te gen chans asiste sesyon sa kote mesye yo tap anrejistre mizik sa, pandan nou te Okap ak mesye yo, paske Nou te Ayiti Pou te  asiste Mareus Production nan mouvman sosyal li tap fè pou mwa Desanm pase a. Ou ka tande Vag Lavi site non Oz’mosis nan mizik la: “Oz’mosis my friend”.

Antouka, enjoy Gran Tou!

HMI Buzz

 

 

DCIM100GOPROGOPR0605.

Vag Lavi, Lil Zoe, Hassan, Mai 18

DCIM100GOPROGOPR0611.

Lil Zoe in Gonaives

facebooktwittergoogle_plus

The post Gran Tou – Vag Lavi , Blackboy, Lil Zoe. appeared first on HMIBUZZ.COM.

Haitian Boy DNA – Bonnie and Clyde

$
0
0

Haitian Boy DNA  – Bonnie and Clyde.

Haitian Boy DNA new video — Bonnie & Clyde featuring Bonnie is a refreshing story. The couple who is a real item, will have people remember Jay-Z and Beyoncé’s “Me And My Girlfriend” joint and video.

Haitian Boy DNA has delivered a dope piece of work. Bonnie & Clyde is a good collaboration between two lovers who are down for each other for real. The video begins with a short film, in which both Bonnie and Clyde did a good job acting. A deal went down, the partners got the work and exited the room to go handle business. As they were walking to their car, something happened and Haitian Boy DNA who was playing Clyde had to live up to such name.

The fans not only got to watch a good short film, Haitian Boy DNA and Bonnie show the profound love they have for each other as they rap over an easy to listen beat.

In our interview with with the couple, Bonnie opens up about her relationship with Haitian Boy DNA. She talks about how much of a good male figure DNA has been to her three children whom NNA is not the biological father of. He has been a good dad to her three boys.

Haitian Boy DNA has been in the music business for a long time. Early on, his works were mostly in management and artist development. He worked with several artists and helped get their music out. Then he decided to become a full time artist himself when he realized the artists he was working with didn’t exhibit the drive and the dedication to make it in the music business. He decided to create his own label, DNA Music Entertainment, in which he established himself the first artist on the label to sort of like a show and prove kind of move.

 

Our intereview with DNA will be posted soon.

 

HMI Buzz

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Haitian Boy DNA – Bonnie and Clyde appeared first on HMIBUZZ.COM.

Dr. Zoe Is Back For Real

$
0
0

Dr. Zoe Is Back For Real.

Dr. Zoe, one of the originators of Trap Hip Hop Kreyol music, was one of the biggest names in Creole Hip Hop in the early 2000s. Zoe was already connecting with industry artists like Rick Ross, Pastor Troy, T-Pain, Benzino and so many others. With his street credibility and skills, he was able to earn a few collaborations with established Hip Hop artists. He was in “Hustling” remix with Rick Ross and he did “I’m Going Back To Haiti” with Pastor Troy.

The street life caught up with Dr. Zoe; as a result, he was sentenced to prison. His music career was taken away from him. Being the main person behind his Zoe Entertainment movement, the movement could not continue in his absence. Hence, Creole Hip Hop USA suffered a tremendous blow, especially when Sky’z Da Limit members just decided to to take a break from the Creole Hip Hop movement to focus on personal matters around the same time Zoe went in. The movement which had just started to gain momentum lost its opportunity to continue gaining recognition within the global Hip-hop community.

Dr. Zoe got deported to Haiti after spending six years in prison. When he got to Haiti, music was not the first on his list. He had to learn how to adapt to a country he left when he was just a little boy, in which he was left with no other options but to adapt to Haiti’s slower paste of life. Haiti in many respects represents a big prison for Deportees (DPs).

Finally, Dr. Zoe is back doing what he loves to do the most. He’s back with his first official video in more than 10 years.

In our many conversations with Dr. Zoe, we can say he’s in great spirit and ready to start looking for his lost crown.

Following this video, Doctor told us he has something cooking for the ladies. He will release a video with Pastor Troy for his song “Let’s Go Back To Haiti”. A song Dr. Zoe did a while back that’s still relevant. After that, he will drop a mixtape and continue to work on his album that should be out at end of the year.

HMI Buzz

Dr. Zoe during his days in Miami. - I'm Back - HMI Buzz

Dr. Zoe during his days in Miami. – I’m Back – HMI Buzz

facebooktwittergoogle_plus

The post Dr. Zoe Is Back For Real appeared first on HMIBUZZ.COM.

Bad News: Seca Konsa Is Back

$
0
0

Bad News: Seca Konsa Is Back. 

Dr. Zoe is Back

Who else is back?

Bad News: Seca Konsa Is Back. HMI Buzz - Seca back in the studio.

Bad News: Seca Konsa Is Back. HMI Buzz – Seca back in the studio.

Bad News: Seca Konsa Is Back. Pwen Ba! Banm ban Nou yon ti istwa Nou dwe konnen, sitou fanatik Hip Hop Kreyol yo Ou Creole Hip-Hop new heads yo. Pou Nou ale ak sijè a, “Seca Konsa pa nan kaka” e li “pap pran kaka/ li pap pran fatra a, pay Pwa ap rete nan paswa a”. Ti Moun Ki jèn Kap grandi Ki vle Konn enpòtans istwa, te gen yon tan avan tan jounen Jodi a. Tout SA Kap fèt la, te kòmanse yon kote. Yonn nan avantaj Haitian American Experience la ofri, Se ke Ou Ka kite yon rèv e swiv yon lòt lè’w deside. Anpil nan Nou kite renye premye epòk Creole Hip-hop nan USA la, mizik pat priyorite nimero 1 Pou Nou. Anpil nan Nou, Se etidyan kolèj Ki tap fè Mizik. Nou te fizye lòt karyè Ki ofri plis opòtinite Pou te reyalize SA yo Rele American Dream nan. Jan siksè entèprete nan Mouvman Hip Hop Kreyol la bay anpil Tèt chaje Pou yon moun Ki Konn definisyon’l nan yon nivo pyramid.

Seca Konsa Se yonn nan Pi gwo lyricist Creole Hip-hop Janm konnen. Lè pòt ko menm gen MySpace, “Nèg te gentan ap chèche’l nan yahoo / si w gen plis ke 5 an nan game nan, Ou Ka chèche nan may Ou”. Nèg la Konn ekri. Lè Nou di Konn ekri Nou menm an palan Creole Creole Hip-hop USA, Nou di yon Neg Ke non sèlman li Konn rime, men osi Konn règ poetic yo, e swiv yo, pandan flow a menm gen danse ladan’l, pa gen enpeche tande ladan’l, e menm gen pyèj ladan’l. Gras Bondye te gentan gen YouTube, nap Ka revizite epòk SA, 2000 yo. Florida te gen Sky’z Da Limit, Dr. Zoe, Mecca AKA Grimo vin Aprè ak anpil lòt Ki tap fè efò, New York te Gen Seca Konsa, Bennchoumy, Neg Maron, New Jersey te gen VDC, Boston te gen Jules. Dr. Blake Seide aka Mr.Prodg Ka bay istwa Pi byen ke Ghandi Ki pat ko menm yon travayè. Gen moun non yo Paka site la paske Ou Ka prè Mouvman an pa vle di w nan Mouvman an. Facebook pot ko Pou tout moun konsa. Fòk Ou te yon etidyan Kolèj (College Student) Pou w te gen yon account. Se depi Kilè Ou la!

Bon Pou fè tout moun konnen, Creole Hip-hop USA is back. Black Bourgeoisie kontan kolèg li yo back e NHSA, college li yo back. Oz’mosis and Bennchoumy, who never stopped and only took naps, teaming up on a musical collaborative effort, which will recieve full coverage on HMIbuzz.com. Dr. Zoe just dropped his first video in more than 10 years, titled “I’m Back”.

Seca Konsa is coming back at the right time. A time when the guys from Haiti are coming here more often. The connection is now more plausible. Wendy King Traka pa bezwen Pè, Seca apresye talan. Li admire G Bobby Bon Flow tou.

Kòm Se 2 King yo Ye, si yo vle ya kontre kònn yo, menen mem map konte kòb yo.

Bad news la Se Pou fo MC yo/ oulibè/ fake yo.

We will have an interview with Seca Kosa soon. Stay Stuned.

Oz’mosis Black Bourgeoisie

HMI Buzz

Oz'mosis Black Bourgeoisie - Feyo Feat. Bennchoumy - HMI Buzz

Oz’mosis Black Bourgeoisie – Feyo Feat. Bennchoumy – HMI Buzz

facebooktwittergoogle_plus

The post Bad News: Seca Konsa Is Back appeared first on HMIBUZZ.COM.

Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non

$
0
0

 

Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non

 

DJakout Mizik, pa twò lontan, se te yon gwo non nan biznis la. Yon non ki te fe kloch sonnen. Premye djazz ki pot ko menm pati ki tap jwe “Konpa US”. DJazz la te jwenn viza e antre Etazini nan komansman 2000 yo. Zibo ENT. te pran djazz la mete’l nan syel HMI la, pandan yo tap vide hit Sou hit nan fye’l HMI la.

Shabba fè tout moun konnen gon kach kite tonbe. Figi tout mizisyen yo – chante a Pouchon Diverger, batè Roro, Kibòdis Mamanne, Ti Regi ak ti keytar l, sou do plizyè HUMMER H1 nan tout Miami, Fort Lauderdale, West Palm Beach, e Ayiti cheri. Premye djazz konpa ki te fe gwo kokennchenn maketing sa yo, si w konn Se te gwo atis rap nan endistri mizik Ameriken an. Djakout Mizik fè anpil tan ap mache bat djazz; tout djazz pase anba’l. Depi djazz la frape tout moun se – « men ame seles la ». Tou moun « Loue Christ La » nan Festival Compas Fest chak epòk 18 Me, weekend festival la.  « Mannigeta », « Bisnis Pam », ak anpil lòt hit. Nap fè istwa long vin kout, mesye yo fè non yo pandan djazz la gen non’l, yo te gen dwa pat kreye djazz la, men se yo menm ki te fe non djazz la, donk yo te vin rive nan yon pwen kote tout kle manm djazz la te oblije fè yon pi bon chemen pou yo. Mesye yo vin rive panse yo pap  travay ak moun ankò. Aprè anpil mizantann, tout mesye yo nou site anle a, deside kreye pwop gwoup pa yo – Djakout #1, epi tout rès bagay yo fè istwa.

Mèt djazz la (Djakout Mizik)  eseye kenbe non an, men li vin difisil, paske moun yo kite djazz la e Fanatik yo swiv. Yo chwazi sipesta yo sou enstitisyon an. Djakout Mizik pa janm vin menm jan anko. Pi ggwo bri misye yo te fè se kanaval “Lekòl Gratis”, kote yo tap ankouraje Shabba pou pran avantaj de lekòt gratis Presidan Michel Martelly tap bay. Kanaval la te fè gwo buzz, men li parèt tankou yon ti foumi kap mòde yon elefan –Djakout #1.

Dirijan Djakout Mizik ta sanble bouke goumen. Nou konnen men nan NBA, si nou ka pran yon ekzanp sou Basketball, se pa tout oganizasyon ki ka kenbe si gwo jwè tankou Lebron James ta al nan yon lòt ekip. Nou ka wè ki jan Miami Heat, ki te ale nan final ak LeBron James 4 fwa konsekitifman, pa menm met Playoffs la ane apre  King James deside tounen lakay li Cleveland. Pa gen gwo jwè pa gen gwo ekip.

Mesye yo, wè li lè pou yo fon lòt bagay. Chanje non djazz la se sa yo wè Kòm yon solisyon pou bon jèn talan djazz la genyen la, Pedro pa kokobe anba non sa. Predro, lead chante djazz la, son atis ki gen anpil talan e ki ka chante nan tout stil, se jwè dirijan yo vle rebati ekip la evèl. Nou ka pran NBA, pou ekzanp ankò, ekip ka chanje non. Sitou, si premye non an gen tach ki pap ede’l. Djakout mizik djazz la ka toujou lou anba yon lot non.

Nou te gen gon ti chans pale ak Pedro e li pataje ak nou anpil kèk bagay tout moun kap swiv HMI la ta dwe konnen.

HMI Buzz

 

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non appeared first on HMIBUZZ.COM.

King Wendyyy Showing His Evolution With DEKONTWOLE

$
0
0

King Wendyyy Showing His Evolution With DEKONTWOLE.

So far, King Wendyyy is having a great year. He began the year with his first ever USA tour, where he was able to hit several cities in Florida — Miami, Fort Lauderdale, West Palm Beach, and Orlando. He also had dates in states like Boston and New York. Based on the feedback and the turn outs, Wendyyy had a very good tour for a Creole Hip-hop artist coming to the U.S for the first time; as a matter of fact, he’s the first Creole Hip Hop artist coming from Haiti or elsewhere to have a successful tour here. But most importantly, he has helped energize the Creole Hip Hop game in the States.

Now, Creole Hip-hop has become a legitimate force in the Haitian Music Industry. Promoters are now paying more attention to Creole Hip Hop are more open-minded to include Creole Hip Hop artists in their lineups, which Wendyyy successful tour has inspired.

Tonight he drops the first single DEKONTWOLE of his second album which is due in the Spring, specifically, April 23rd of next month. This video, shows Wendyyy’s evolution as an artist. While he is keeping his battle style rap, he’s also looking for a commercial sound that promotes dancing.

NOTE FROM WENDYYY:

 NEW VIDEO , Kap ANONSE ALBUM nan ……….. Nou ka Konstate kem pot ko ka fè PROMO pou ALBUM nan se paske La MAIRIE te ba nou OTORIZASYON pou PLACE la 23 et yo Bay Komite RARA Li tou pou Menm DAT là pou FESTI RARA , se te Swa nou fè KOLIZYON swa youn Kite JOU a Lib et RARA son TRADISYON fok DAT la respekte So nou DESIDE Respekte TRADISYON VILLE la et Kite FESTI RARA Fèt , nou Chwazi ON Lòt DAT pou ALBUM nan , nou tap Metel nan ON Jou pre 23 Mars pou nou Pa tann Twòp ,, Men son DAT ki Ranvwaye Li ye Tout MOUN te gentan konnen se 23 MARS fok nou Gen tan Devan nou poun PWOMOTE lòt DAT la .. Donk nou deside metel pou SAMEDI 23 AVRIL … M espere nou Konprann et mèsi pou PASYANS nou .. M RENMEN NOU ,, ALBUM gentan FINI ap tann NOU , Just POZE Kwaze PYE nou .. RANDEVOU jodia a 4H PM Nap Kraze Ti GAME nan ‪#‎TMG‬ ‪#‎INDETRONABLE‬ 23 AVRIL PLACE ANACAONA ‪#‎KING‬ 

This is already a good year for Creole Hip Hop. Dr. Zoe is back and Seca Konsa just announced his return.

Wendyyy Showing His Evolution With DEKONTWOLE. HMI BUZZ

Wendyyy Showing His Evolution With DEKONTWOLE. HMI BUZZ

facebooktwittergoogle_plus

The post King Wendyyy Showing His Evolution With DEKONTWOLE appeared first on HMIBUZZ.COM.


Gato Dabato Is A Savior To Global Haitian Hip Hop

$
0
0

Gato Dabato Is A Savior To Global Haitian Hip Hop.

When we receive the music, we listen to the music and we allow the music to speak to us. Hence, we want to start with a good delivery. A good delivery is what we all hope for. L’Union Fait La Force is what we hear and see in Gato’s sound. The unification of the three languages – Haitian Creole, French, and English,  in Gato Dabato’s music gives UNITY a good sound that comes with POWER. Unity is power. Those who can master languages have mastered life. The Haitian American Experience comes in different shapes and forms. Gato represents the Haitian American Ex[perience of his brand at a very high level. He Is A Savior to Global Haitian Hip Hop for several reasons.

Hip Hop is among the best things that have been created in modern days. The beauty of it, is that this culture which has become a global phenomenon has allowed young  people in poor neighborhoods worldwide the opportunity to express their experiences. They can now show the world their genius and share their talent with the whole  world. Hip Hop keeps evolving and keeps leading the way. Hip Hop shows how awesome young black men are, how talented they are, how courageous they are, how bright  and bold they are. Gato music is about expression, it’s about history. it’s about nativity. And most importantly, it’s about the beauty of The Haitian Revolution.

Little Haiti is known as one of the poorest communities in Miami. But there are so many rich kids there. They are bright. They are brave and fearless. We are not going to rush to tell you all the reasons we conclude Gato Dabato is the savior to Haitian Hip Hop, it took us years to get here. Therefore, we ask that you take this ride with us. Gato has been consistent for a while now, we wold like to the stories behind the music. We will have an interview with soon in which you will discover all the reasons why he is the Savior of Haitian Hip Hop. Now we think it’s time to start calling it Global Haitian Hip Hop. He has revolutionized Haitian Hip Hop by taking it around the globe.

If you read up to this point, you definitely deserve to hear these three tracks.

Gato Dabato Is A Savior To Global Haitian Hip Hop . HMIZZZ

Gato Dabato Is A Savior To Global Haitian Hip Hop . – HMI BUZZ

 

 

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Gato Dabato Is A Savior To Global Haitian Hip Hop appeared first on HMIBUZZ.COM.

Fantom BC Nan Palm Beach County Friday SaK Pwa Gen La

$
0
0

Fantom BC Nan Palm Beach County Friday SaK Pwa Gen La. 

Palm Beach County te toujou yon zòn enpòtan pou mouvman Haitian Hip Hop. Sky’z Da Limit e Lion Squad te kòmanse’l, PSB vin swif chemen an. Show hip hop pa yon nouvo bagay nan Palm Beach County. Epòk 2000 yo, Sky’z Da Limit te fè tout sa ki fèk kòmanse la. Te gen show Haitian Hip Hop kite konn fèt nan pifò Club nan Palm Beach la. Nou te goumen anpil pou eseye fè moun respekte e aksepte mouvman an. Nou te pran anpil imilyason nan men anpil mizisyen Compas konpa lè nou te konn ban nou ouvè pou yo. Nou kontan jounen jodi a plis fanatik Compas kòmanse ouvè lespri yo. Yon nan group ki travay pou sa rive jodi se Barikad Crew. Epi Fantom se youn nan manm BC ki fè plis Ayisyen respekte Rap Kreyol (Creole Hip Hop/ Haitian Hip Hop).

Friday 25 Mas la, Fantom ap vin jwe Palm Beach County pou premye fwa, prezante pa Zoe Money Records, Solo Promotions and The Wizer Show nan Club Caribbean Teeze nan lakou Lake Worth — 6295 Lake Worth RD, Greenacres Fl, 33463. Pòt ap ouvè a 10 h PM  e lap koute sèlman $15 avan minwi.

Lòt atis, nan gen jan pou’m wè se ap Young E, K-NEE, e Piti Rich. Blacko e DJ Exclusive ap DJ prensipal pou swaye Hip Hop sa. Blacko kise mèt Money Records ap chèche the next Global Haitian Hip Hop MC pou ede pou se mouvman nan sèn entènasyonal la. Fwa sa mesyo yo trè motive pou rete konsistan nan pwomote mouvman Hip Hop Haitian lan. Lang Kreyol komanse vin pi popilè nan moun lan. Gen anpil jèn rapè nan makèt Ameriken an tankou Kodak Black, 10 Gran, Meat Head, e plizyè lòt young Haitian American rappers ki kòmanse mete anpil Haitian Creole nan lyrics yo.

Chak 4 triyèm Friday nan mwa a, fanatik Haitian Hip Hop nan Palm Beach County yo ap gen chanse jwenn yon show Haitian Hip Hop. Pou mwa Avril la, mesye yo ki ini yo ansanm – Zoe Money, Solo Promo, Wiser Media –  gentan gen kontra avèk Gato Dabato e Dug G. Mouvman L’Union Fait La Force sa reprezante yon bon bagay pou mouvman Haitian Hip Hop la.

HMI Buzz sponsors this movement.

Fantom BC Nan West Palm Beach Friday SaK Pwa Gen La

Fantom BC Nan West Palm Beach Friday SaK Pwa Gen La – HMIbuzz.com

 

Fantom In Palm Beach County Friday – WATS BOUT TO HAPPEN?

 

Palm Beach County has always been an important city for the Haitian Hip Hop movement. Sky’z Da Limit and Lion Squad started it, PSB followed. Hip hop show is not something new in Palm Beach County. In the 2000s, Sky’z Da Limit performed all over Palm Beach County. Haitian Hip Hop was mostly referred to as Creole Hip Hop / Hip Hop Kreyol. We struggled to try to make people respect and accept the music, but the movement was not as today. We took we got humiliated several time trying to perform in front of Compas crowds. The majority of Compas Musicians did not respect us when we opened for them. What helped Sky’z Da Limit was the conscious lyrics, not to mention that was a time Haiti was going through significant political turmoils. The Compas fans tolerated us when we grabbed the mic, plus our stage presence and charisma keep from shouting us off the stage. Nevertheless, it was a good era. We are pleased today more Compas fans start to be more open-minded when it comes to Haitian Hip Hop. Barikad Crew is a group that fought hard so that Compas fans and the main actors in the Haitian Music Industry (HMI) to show more respect Creole Hip HOp. Fantom in many respect,  is one of the hardest working members in BC to push the envelop and make Haitian Hip Hop become more acceptable in he HMI.

On Friday 25 March, the GHOST Fantom  will come to perform in Palm Beach County for the first time. The show is presented by Zoe Money Records, Solo Promotions and The Wizer Show at Club Caribbean Teeze yard Lake Worth – 6295 Lake Worth Rd, Greenacres FL, 33463. Doors will open 10 PM and will cost only $ 15 before midnight, for entry.

Palm Beach County up and coming MCS : Young E, K-NEE and Piti Rich. DJ Blacko and  DJ Exclusive main, will be the star DJS playing  some hot and exclusive Haitian Hip Hop tracks.  Blacko who owns Zoe Money Records seeking the next Global Haitian Hip Hop MC to help push the movement in the international arena. This time, the guys in Palm Beach are very determined and motivated to be consistent in promoting the Haitian Hip Hop movement.  The Haitian Creole language starts to become more popular in Hip Hop in general. Many young Haitian American rappers in the American Music Market markets like Kodak Black, 10 Grand,  Meat Head, and several others use some Haitian Creole in their lyrics

Every 4th Frida of the month, the Haitian Hip Hop fans in Palm Beach County will be lucky to get a Haitian Hip Hop show month . For the month of April, the L’Union Fait La Force Crew – Zoe Money, Solo Promo Wiser Media – already have Gato Dabato and Dug G.

HMI buzz sponsors this movement.

facebooktwittergoogle_plus

The post Fantom BC Nan Palm Beach County Friday SaK Pwa Gen La appeared first on HMIBUZZ.COM.

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe

$
0
0

Karizma di’l byen, si nou pa bay lanmou Syèl Lap Tonbe. Bagay lanmou sa se pa bagay nou ka pran a lejè menm. Si pa gen afeksyon nan kay la. si’w pa bay lanmou jan’l vle’l la, kijan pou’w fè jwenn lanmou? Tanpri pran ti chèz ba; gon istwa lanmou nou pral rakonte’w la ki gen anpil leson. Istwa sa se pou neg ki pap jere fanm yo, ki pap jere lanmou, ki pap bay afeksyon, ki neglije ba li bon love, epi madan’m li kòmanse gade lòt direksyon. Li bouke plenyen, li bouke soufri – Bagay la vin Konplike.

Patrick ak Marie kwaze pou premye fwa nan yon blibliyotèk, midi plen. Zye yo kontre, nanm yo kominike epi yo tou konekte, e yo tou 2 souri. Yo fè konesans, yo echanj kontak, e yo di orevwa an souriyan. Yo pase tout rès jounen ap chat.

“Ou gen mari cherie?”, Patrick mande Marie. “It’s complicated”, se sèl sa Marie reponn. Patrick menm li son jenjan ki byen senp. Li  fè tout bagay byen senp. Li pwofite bay bèl konvèzasyon. Pou li “complicated” means risk, en kòm li son patnè ki kiryè, li kòmanse vire konvèzasyon an. Moun yo pale, yo ri, yo pale tout bagay, yo pale tankou 2 moun ki swaf yonn lòt. Tanzantan son ti mesaj, yon ti souri.

Enben bagay la vin Konplike vre wi. Fanm gentan di li lap kite ak mari’l, bagay yo pa gen avni. Pa gen lanmou, pa gen rèv, pa gen sansasyon, pa gen satisfaksyon. Kòm nou konnen chak aksyon gen reyaksyon. Aksyonè Patrick la ap chèche fè aksyon?

Ricardo li menm ki se mari a, paka fè tou lè twa job yo byen e li panse pawòl ka kenbe fanm.  Anpil nèg pa konpran ki jòb ki pi enpòtan deyò a. Tout prèv yo montre Patrick pap fè travay li vre, men la lwa di se mandanm li. Mmmmm. Adje! Danje wi la tout gason ki paka fè jòb yo. Si nou ta bay nèg yo yon ti avètisman di yo — PA NEGLIJE JòB LANMOU AN, si non Syèl Lap Tonbe.

Sak bon nan chante sa, sèke lead chantè Karizma a, Emmery rann tèt responsab. Li admèt se fòt li e tou konseye mesye yo pou yo jere fanm yo, jere lanmou.

N’ale!!!!

HMI Buzz

 

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe. HMIbuzz.com

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe. HMIbuzz.com

facebooktwittergoogle_plus

The post Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe appeared first on HMIBUZZ.COM.

Haitian Hip Hop Konsèy (Advice) Ak Oz’mosis

$
0
0

Haitian Hip Hop  Konsèy (Advice)Ak Oz’mosis. 

Nou te panse li te enpòtan anpil pou nou pataje kèk ide ak tout moun ki fè pati kominote mouvman Haitian Hip Hip  la oubyen ki gen enterè ladan’l. Kounyè a lè a rive pou nou kòmanse mete an plas STRUCTURE AK INFRASTRUCTURE pou mouvman an ka ale nan yon lòt nivo. Si nou pa fè sa, makèt la pap jan ka grandi oubyen dominine sèn mizik entènasyonal la. Haitian Hip Hip Konsèy se yon mwayen pou nou kòmanse Dyalòg la pou nou jwenn kijan nou ka reyalize gwo rèv sa, paske nou dwe ap panse plis ak fiti a. Nou tout se ale nou pwale. Nou pap la pou tout tan. Donk sa nou kite dèyè  ta dwe sèvi kòm yon blueprint (Plan) pou lot yo kap vini ka jwenn yoon pi bon chemen ki deja trase epi nou ka kontinye evolye.  

Etabli estanda yo (The Standards) reyèlman nesesè. Nou ka gade kijan makèt ki pi avanse yo fonksyone, gade estanda ki inivèsèl ki deja etabli ki ka ede nou konsepsyonalize yonn ki inik a nou menm e an menm tan ke reprezante nan nivo entènasyonal. Rezon ki fè dwe gen yon estanda respekte e pwofesyonèl paske pa bliye se nan yon biznis nou ye. Si se biznis nap fè, nou dwe fè biznis byen. E pa bliye, pou biznis la byen mache gen kèk prensip nou dwe swiv e pratike. Li enpòtan pou nouvo atis yo aprann de erè atis kite vini avan yo. Tan reyèlman enpòtan. Nou nan yon tan kote li vin pi fasil poui pataje fè mizik e pataje mizik. Donk jan yon atis travay ka detèmine longè karyèl.

Pa bliye nan yon endistri ki rele yon endistri vre, chak moun gen ròl yo, e chak ròl enpòtan. Chak aktè ta dwe gen respè pou lòt aktè yo. Gen atis la ak staf li, gen piblik la, e gen medya. Ki ròl chak jwe? Kijan chak opere. Menmjan atis la ak staf li gen devwa yo, Medya gen devwa’l, e gran piblik la gen devwa pa’l tou. Donk, dwe gen yon kolaborasyon mityèl.

Avan yon MC deside derape yon karyè nan biznis la, li dwe konnen sakris li dwe fè. Yon rapè san istwa, paka gen yon enpak pwofon sou piblik la. Etidye rap la byen, etidye istwa mouvman, ki moun ki te fè enpak nan mouvman avan ou te menm panse devwale yon karyè nan hip hop la; etidye tout klasik yo. Plis istwa ou konnen se plis ou ka ekri, sa vle di yon rapè dwe toujou ap fè anpil rechèch. Jòb prinsipal atis la, se kreye, se pa kopye. Se travay, se pa ranse. Ekip atis la dwe dwe kwè nan atis la, e travay pou atis la, chèche pou atis la. Lè nap pale de ekip, li dwe kòmanse ak yon bon manajè ki konn ròl yon manajè. Jòb li se pou chèche opòtinite pou atis la, frape pòt pou atis la nan tout medya a. Pa bliye prezantasyon reyèlman enpòtan. Avan mete yon mizik deyò, travay sou profile atis la — Yon photoshoot pwofesyonèl reyèlman enpòtan pou kreye kont atis la sou rezo sosyo yo, pou fè artwork pou single ect. Atis la dwe gen yon biyografi ki pa sèlman di ki kote atis la soti, grandi, men ki moun ki te enflyanse’l pou fè mizik, ki style mizik li fè, e sou kisa lap travay.

Nouvo Atis, li enpòtan pou’w konnen kijan pou’w devlope yon relasyon ak medya, lòt atis, e fanatik ou yo, sa’w genyen deja ak sa’w poko genyen. Jan’w prezante tèt ou gen anpil pou di jan ou konprann biznis mizik la. Si nap pran pou ekzanp, Haitian Music Industry (HMI) – Fòk nou konn aktè prensipal yo. Gwo aktè yo nan HMI la wè biznis yon jan. Yo konprann biznis la, yo fèl mache nan fason yo konnen. Nou paka mal jije yo, gen ti efò ki fèt. Men mesye sa yo pa nan miznis pou ede oubyen kreye, yo nan bisnis pou fè lajan. Moun ki ka bay lajan Now la, se li yo vizye, mezire. Ou ka konprann gwo mesye sa yo menm pap janm kite yon ti jèn ki gen yon vizyon emèje. Si’w ap vini, vini byen. Vini ak tanlan’w, vini ak lajan’w, e vini ak moun ou dèyè’w, ka pa menm garanti’w yon pas pou’w ta fè yon ti gòl. Kreyòl pale kreyòl konprann. Tout jèn atis atis ki renmen mizik e ki decide se mizik yo vle fè, nap ba’w konsèy ankò pou byen prezante tèt ou.

Nap sezi moman sa pou nou ede pote plis solisyon, se pou sa nou te kreye HMI Buzz. Ti nèg pa bay chans konsa. Pa bliye ki sa eksperyans kolon an fè nou. Nou bliye sa ki ekri nan drapo nou — L’Union Fait La Force. Pouvwa ki gen nan fraz sa, anpil nan nou pa konprann li. Fraz sa se solisyon an. An nou travay ansanm. An nou kolabore. Kolektivite se kle a. Se li ka ovri plizyè pòt. Mesaj nou pou ou, se kwè nan linyon fè la fòs la — L’Union Fait La Force. Si yon atis fè tout sa pou yo fè epi yo rete kwè, “Avek pasyans, w’ap wè tete foumi.” Pwovèb sa gen anpil virite ladan’l. Siksè inevitab pou moun kap travay. Pa bliye pa gen anyen ki fasil nan vi sa, si’w pa prè pou’w travay, ou mèt al chèche yon travay.

Tout moun bezwen rive, men pifò ladan yo pa vle travay pou sa. se menm jan tout Ayisyen ta renmen Ayiti chanje, men yo ta vle se lòt moun ki pou ta vin fè’l. Yo kaka, yo ta vle se yon lòt moun ki pou vin siye bouda yo. Eskize fransè nou. Bagay la se travay li ye epi “Veye Yo” ap soti trè byento. Oz’mosis Black Bourgeoisie is coming back to the Haitian Hip Hip USA. Veye Yo featuring Bennchoumy, produced by Tony Drumzz can be dropping anytime in the next week coming. The track is already done. Tony Drumzz is just putting a final touch to it and then it will be released.

Nou dwe ap travay pandan nap tann moman pa nou an. Travay padan yap domi, e kòmanse travay lè yo poko menm parèt nan travay. Nou paka janm sispann travay. Nou dwe travay pase p[is moun.

Pou nou fini, konn kijan pou’w van tèt. Ou dwe gen yon bon pèsonalite, konn pale ak moun, e respekte moun an jeneral. Fè sakrifis pou rèv ou. Si’w pa renmen rap ak tout kè’w bay vag, al chèche fè yon lòt bagay ou pi renmen, pa pèdi tan’w. Gen yon bon atouraj. Pa bliye, li pi bon pou’w pa gen pyès ekip tan pou’w gen yon move ekip. Kwè nan tèt epi pratike anpil.

Nouvo atis yo, kontakte HMI Buzz, nap kontan pou’n travay avèk ou. Lòt atik kap vini, nap pale de legazasyon.

HMI Buzz,

The number one source for The Haitian American Experience and Haitian Global Culture!

 

 

 

 

Oz'mosis Black Bourgeoisie - Feyo Feat. Bennchoumy - HMI Buzz

Oz’mosis Black Bourgeoisie – Feyo Feat. Bennchoumy – HMI Buzz – Hip Hop Kreyòl Konsèy – Hip Hop Kreyòl Advice. 

oz'mosis - traveler - Haitian Hip Hop Konsèy Ak Oz'mosis

oz’mosis – traveler – Haitian Hip Hop Konsèy Ak Oz’mosis – HMIbuzz.com

facebooktwittergoogle_plus

The post Haitian Hip Hop Konsèy (Advice) Ak Oz’mosis appeared first on HMIBUZZ.COM.

Haitian Hip Hop: PunchLine Diesel Mande Pou Yon Ti Kabann

$
0
0

 

Si nap pale bars pou bars, punchline pou punchline, san pale anpil, Diesel Punchline ap simaye perèz nan mouvman Hiatian Hip Hop la. Nou ka tande mizik yo pou tèt nou e jije pou tèt  nou. Wi nou deja konnen tout moun gen moun yo e gen preferans yo, men kredi dwe bay kote li merite. Verite a ap rete virie menmsi nou pa vle fè fas li. Nou ka deside kenbe’l anndan nou pou rezon pèsonèl, men nou tout konn sa’l ye deja. Kòm nou menm bò isit la, nou pa nan patripri e ni nou pap defann anyen pèsonèl nap bay li jan’l ye a, e nèg ki konnen yo gen twou nan manch yo, sipoze rete lwen, dayè nou pa gen tan pou yo. Banm Yon Ti Kabann, Diesal montre nou kijan yo jwe ak mo an menm tan lage règ kout pwen nan djòl nèg yo. Diesel pran beat sa – F*ck Up Some by Future e fè afè’l nan vèsyon pa la. Tande ling yo byen, kite yon antre nan zòrèy.

We are talking about the future of Haitian Hip Hop here, better yet Haitian Global Hip Hop. PunchLine Diesel is dope with the punchlines. Lyrically, he is one of the best in the game, based on everything we have heard from him thus far. Anyone who loves and listens to Haitian Hip Hop will have great appreciation for this lyrical Mike Tyson. Diesel challenges any MC to throw his best punches and see if that MC can survive a few jabs, then the thunderous upper cut that can knock out the weak. Top Sansave can tell you; you might not even know who that is – forget about it if you don’t. But don’t come with weak stuffs facing Diesel, who has studied from the best Heavyweights Hip Hop has ever seen.

PunchLine Diesel definitifman dwe travay plis pou jwenn respè’l merite nan mouvman an. Mouvman Haitian Hip Hop la ap chanje de jou an jou, li mande pou atis travay plis, se pa sa, yo ka bliye’w fasil. Ou dwe nan figi fanatik yo tout tan pou yo pa bliye’w. Jounen jodi, nou konsome plis mizik, li mande pou yon atis pwodwi anpil. Tèlman plis mizik ap soti chak jou si yon atis pa konsistan nan mete materyo deyò, se tan lap pèdi. Diesel dwe travay sou yon mixtape ou yon album vit, pou’l pran pozisyon’l nan mouvman.

HMI BUZZ

 

PunchLine Diesel Mande Pou Yon Ti Kabann - Fu

PunchLine Diesel Mande Pou Yon Ti Kabann

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Haitian Hip Hop: PunchLine Diesel Mande Pou Yon Ti Kabann appeared first on HMIBUZZ.COM.

Viewing all 113 articles
Browse latest View live