Nèg yo tèlman sou Kalash, fanm yo paka rive sou li / gade jan atis la ap souri, kap gade Mesi Kalash kap kouri sou tè Ayiti ak Blè e Wouj li sou li / bèl kanpay, nèg la alèz sou konn li te Lakay li —— Let’s get to it!
#yayornay -kalash-has-just-conquered-the-hmi — He came, he saw, and he continued. #rednet #509 #global #hiphop #haiti #martinique #france
Se pa tout atis Rap Kreyol ki renmen sak sot fèt la, kote yon etranje jwenn plis love pase atis lokal. Fantom, li menm pa kache jan’l santi’l. Kote Izolan li menm ap rejwi, tou pwofite fè Kalash ede’l vann Izobox li. Fantom ya sanble pa kontan pou jan de akèy sa yo Kalash ki se yon etranje resevwa an Ayiti, akèy atis Ayisyen pa janm resevwa nan peyi yo. Media chouchoute Kalash sou konn se Jay-Z Silasi rap ki antre Ayiti. Anpil atis Se fè foto ak Kalash e swiv li nenpòt kote li ale nan Port Au Prince.
Yon nan bagay Ayisyen renmen fe anpil se desann valè Ayisyen parey yo e bay etranje plis valè pase Ayisyen fè ak sè nou. Ayisyen parèy yo mèt la ap fè efò, nou fè kòmsi nou pa wè’l. Sou nouvo album K-Dans lan gen yon mizik Jude Jean chante ak Reginald Canji ki rele ” Kisa Nou Vo”, mesye yo dekrive yon problèm Ayiti — gen twop jij an Ayiti, si’w wè yon frè’w ak yon sè’w kap fè efò, se diminye’l, pa menimize’l. Pa gen moun ki ka di ti mesye rap yo pa fe anpil efò. Pa two longtan la, se te yon gwo bagay pou yon atis rap jwenn viza. Fè bri ase Ayiti pou yo ka arive ka al mande pou yon bout viza, se te objektif la. Jounen jodi a, nou pa ka konte konbyen nan mesye sa yo ki gen viza kap voyaje chak jou. Nou pa ka mande timisye rap pou yo fè sa konpa ki gen tout tan sa yo ekziste paka fè. Anpil moun te panse le Sweet Micky te presidan li tap mete yon enstitisyon sou pye ki te ka ede kreye yon bon enfrasyikti pou sèvi jèn atis e ki te ka ede proteje mizik yo e fè plis kòb sou talan yo. Pa gen pyès gwo atis, menm sa ki te kanpe bò kote misye te wè nesesite pou syiktire Mizik Ayisyen an.
Pou rapè Ayiti yo ta fè sa Kalash ap fè la, fòk gouvènman Ayisyen an ta legalize Art, pwoteje dwa otè pou pyès moun paka pran pwopriyete entèlektyèl yo san yo pa peye yo sa yo merite. Pa menm gen lwa ki pwoteje travay atis. Se sou enfliyans sèlman atis ka fonksyone. Kalash siyen anba 2 gwo konpayi Mizo ki se Capitol Records and Universal Music Group, konpayi sa yo pa envesti konsa sj yo pa wè kijan yap tire lajan yo ak anpil pwofi. Donk, profil yon atis atis dwe garanti. Pa bliye talan sèlman 10% nan biznis mizik tout kote nan mond la. Se ki moun ki dèyè’w, moun ki vle envesti nan ou. Nan ka, eske Haiti envesti nan fiti Atis? Eske gouvènman ki plen sa ki rele tèt yo atis wè enpòtans pwòblèm sa? Eske yo menm wè’l kòm yon pwoblèm?
Kòm tout moun ki tap swiv, wè kisa ki te pase Ayiti Weekend yè a, Kalash te Ayiti. Pou moun ki an reta sou Kalash, li se yon jen rape si soti Matinik. Nan 2 denye ane yo la, album li dominine mache mizik Fransè a. Kalash montre tout moun nivo aiksè rap Rap Kreyol ka fè. Kalash ap jwe ak plizyè tandans li menm, li fè tout nèt — Hip-hop, Trap, Reggae, and Dancehall. Son misye se Future ak yon ti Reggae vib. Kalash siyen anba Capitol Records/Universal Music Group. Konpayi sa yo konen kijan pou yo vann talan. Nou ka remake lang pa baryè mizik nou non. Nan HMI la sanble chak atis ta dwe kreye pwòp enstitisyon pa yo. Matinik mizik biznis la anba lwa ki gouvene lwa mizik biznis mache Fransè a. Tout moun ka ak konbyen moun Kalash Antre Ayiti. Yo pat sèlam vin jwe, yo te vin travay. Yo dokimante tout bagay nan sans ki pou tou amonize lig istwa yon video li tap choute pou lage nan 2 jou pandan li poko menm kite Ayiti. That’s a lot of game. But we can’t forget he’s playing in the major league.
“Chita fe bif pou views ak like. Pa pwoteje mizik nou, pa eseye agrandi rezo nou pou fe moun tande nou. Pa mete moun ki konpetan bo kote nou. Pa envesti nan tet nou. Rete goumen pou vizatande!”.
Carel Pedre fè yon bon pwen. Si yon moun sa li vle di la, atis rap yo ka fè plis efò toujou. Kalash ta dwe yon bon ekzanp pou yo swiv. Men nou paka bliye tou, mesye pa gen sipò e kapasite pou kreye yon anvironman kote gwo konpayi tankou Capitol Records ak Universal Music Group ta gen enterè nan yo.
Rodly Madeus