Nan dènye 30 tan yo la, pa gen pyès lòt tandans ki enfliyans mond la, kreye plis ekonomi, etire plis moun nan povrete ke Hip-hop. Enfliyans Hip-hop nan mond la son bagay san parèy. Pifò jèn nan mond la, sitou sa yo ki soti nan geto yo. Jenès Haiti a, ki pa twò lwen Meca Hip-hop la, jwenn yon fenomèn yo idantifye bone. Mastè Dji ki tap viv an France, kote Hip-hop te gentan montre divèsite’l e’l inivèsèl, antre an Ayiti nan epòk 1986 yo e kòmanse yon mouvman an. Sak ta panse mouvman tap kontinye. Kounye nou nan 2017, nou ka wè mouvman rap kreyòl pa montre pyès siy lap kanpe. Lè nou gade dènye video Wendyyy Traka a, On Dous On Cho, nou paka pa medite sou evolisyon Rap Kreyol.
Wendyy Traka montre li pa limite tèt nan nivo kreyativite ak video sa. Li montre profite monde talan’l e enterè’l nan “acting”, atis pa senp yon rape, men yon aktè tou. Wendyyy montre li pa pè pran risk. Li montre ke panse’l pa chita sèlman nan bwat la. On Dous On Cho son fim kout (short film), ki ede dekouvri yon lalan toukou Atougang, yon talan natirè ki delivre yon pèfòmans ekstraòdinè. Se sèten istwa poko fini malgre nan plis ke 10 minit Wendyy fè yon trè bon egzebisyon. Direktè prensipal la, Cigey kontinye delivre bon travay nan mouvman Rap Kreyol la.
Wendyyy Traka trouve’l nan yon relasyon konplike. “Chak jou nou byen/ chak jou nou beef”, King nan rap. “Chak jou nou goumen chak jou nou kiss”, li kontinye. Bagay yo viv pi konplike toujou, lè fanmi enplike e kò,amse mete bouch. Leson nou ka aprann nan istwa sa, ou pa fè atansyon kote wap mete pye’w, nan ki fanmi wap antre; ou gendwa antre yon nan yon fanmi kote li ka difisil pou’w soti anvi, san bri. Donk ou oblije chèche yon jan pou’w sove relasyon an pou’w eseye viv.
Beat pou yon On Dous On Cho a diferan de lòt beat yo Wendyyy abitwe rap sou yo. Atis la ap chèche melodi ki marye ak senplisite. MC a flow e fokis sou “duality” li ekziste pafwa, se toujou yon frè yon cho, nan ka sa se On Dous On Cho, Wendyy fini ak doub leve’l anlè.
Nan dènye 30 tan yo la, pa gen pyès lòt tandans ki enfliyans mond la, kreye plis ekonomi, etire plis moun nan povrete ke Hip-hop. Enfliyans Hip-hop nan mond la son bagay san parèy. Pifò jèn nan mond la, sitou sa yo ki soti nan geto yo. Jenès Haiti a, ki pa twò lwen Meca Hip-hop la, jwenn yon fenomèn yo idantifye bone. Mastè Dji ki tap viv an France, kote Hip-hop te gentan montre divèsite’l e’l inivèsèl, antre an Ayiti nan epòk 1986 yo e kòmanse yon mouvman an. Sak ta panse mouvman tap kontinye. Kounye nou nan 2017, nou ka wè mouvman rap kreyòl pa montre pyès siy lap kanpe. Lè nou gade dènye video Wendyy a, On Dous On Cho, nou paka pa medite sou evolisyon Rap Kreyol.
Wendyy montre li pa limite tèt nan nivo kreyativite ak video sa. Li montre profite monde talan’l e enterè’l nan “acting”, atis pa senp yon rape, men yon aktè tou. Wendyy montre li pa pè pran risk. Li montre ke panse’l pa chita sèlman nan bwat la. On Dous On Cho son fim kout (short film), ki ede dekouvri yon lalan toukou Atougang, yon talan natirè ki delivre yon pèfòmans ekstraòdinè. Se sèten istwa poko fini malgre nan plis ke 10 minit Wendyy fè yon trè bon egzebisyon. Direktè prensipal la, Cigey kontinye delivre bon travay nan mouvman Rap Kreyol la.
Wendyy trouve’l nan yon relasyon konplike. “Chak jou nou byen/ chak jou nou beef”, King nan rap. “Chak jou nou goumen chak jou nou kiss”, li kontinye. Bagay yo viv pi konplike toujou, lè fanmi enplike e kò,amse mete bouch. Leson nou ka aprann nan istwa sa, ou pa fè atansyon kote wap mete pye’w, nan ki fanmi wap antre; ou gendwa antre yon nan yon fanmi kote li ka difisil pou’w soti anvi, san bri. Donk ou oblije chèche yon jan pou’w sove relasyon an pou’w eseye viv.
Beat pou yon On Dous On Cho a diferan de lòt beat yo Wendyy Wendyy abitwe rap sou yo. Atis la ap chèche melodi ki marye ak senplisite. MC a flow e fokis sou “duality” li ekziste pafwa, se toujou yon frè yon cho, nan ka sa se On Dous On Cho, Wendyy fini ak doub leve’l anlè.