Gen anpil lot MC ki te mansyone le nou tap fe lis sa, ki pa mete’l paske krite nou tap gade yo pat kalifye yo. HMI Buzz Top 5 Haitian Hip-hop MCs lis sa, nou te gade sou demand, social media following, e pi aktivite.
Bon 2016 bay do’l, nou ka gade tout sak te pase nan ane sa, yon ane ki pote viktwa pou anpil e defet pou anpil moun an menm tan. An’n pale de Haitian Hip-hop MCs. Sak pase nan mouvman Haitian Hip-hop la ane 2016 la. Ki yes ki te fe plis bri, kiyes ki fe plis lajan, ki yes ki vin genyen plis demand, ki album ki te rive sou moun yo ? Tout sa yo se kesyon nou ka reponn yo pou tet nou. Pou atik sa, nap bay li Top 5 Haitian Hip-hop MCs pou ane 2016. Nou fe anpil rechech, pale ak anpil moun kle mouvman an, avan nou vini ak lis sa. Nou jije sou sa atis sa yo akonpli pou ane a, enpak yo, deman yo kreye, e respe yo jwenn.
# 5. Blaze One –
Sa se atis peyi a. Menmsi prezans Blaze One sou rezo sosyo y opa nan nivo lot mesye sa yo nou pral mansyone nan list sa, li rete youn nan atis ki pi popile. E nou ka di tou, rezon ki fe atis la pa pi popile se paske li manke aktiv sou intenet la. Men ou ta mande nenpot moun ki swiv mouvman an, non Blaze One pa fouti pa nan yon klasman li yap pale de MC rap kreyol. Ane sa, atis la jwenn viza pou Etazini ; nou konnen fok ou travay pou arive jwenn viza. Si Blaze One ki ede anpil ti moun konprann Istwa Dayiti. Enpere a rete kom youn nan atis ki gen plis deman sou mache a; li toujou afiche, si tout an Ayiti. Sou Facebook li gen paj ofisyel li ke gen 14, 137 mil likes, sou INSTAGRAM li gen Selman 3,062 followers, e 1,466 sou Twitter.
Jan Ed Daliriks rap li a, “vale moun mwen gen sou Instagram pa devine vale moun mwen ye”; donk, pa gade sou kantite followers atis la gen yen pou di’l pa ta dwe nan klasman sa. Blaze One son rasta li ye e nou konn sa sa vle di yon rasta. Yo pa two gwo zanmi teknoloji. Nap kanpe la.
# 4. Izolan
ka senp mande’w « Koman’w We’m”. Kijan’w we atis la nan HMI Buzz Haitian Hip-hop MCs lis la?. Li kontinye ap genyen. Li itilize intelijans li pou’l jwenn. Ou ka panse se pa talan selman yon moun bezwen. Talan se youn, men se deteminasyon’w ki ka mennen’w sikse. Youn anpil moun bay non “sot” pote, men Izo ta sanble gen lis lespri pase moun sa yo. Se sak fe slogan atis la se : « m pa konn anyen non mwen menm », lap ri sa ki panse’l sot yo nan ke’l pandan’w pral la bank la. Izolan kom yon vwa ki gen anpil enfliyans sou jenes la. Chak eleksyon check fe mikalaw. Kandida ki bezwen rive sou jenes la paka pa tcheke Izo. Yon rape kip a sispan fe mouv. Sak ta di sa, atis la tap vin pi gwo ke gwoup li, Barikad Crew, eksepte nan moman kanaval.
# 3. Fantom se yon lot manm Barikad nivo sispesta’l depase gwoup la, anpil moun ka fe diskisyon. Fantom se yon nan MC ki travay pi blis nan mouvman. Yon ki pase anpil nan mouvman osi, ou ka rele tapaje, yon survivor. Fantom se youn nan MC ki gen anpil respe nan geto yo, lari avek li paske mizik li pi plis pale pou moun geto yo ak neg lari yo. Atis la gen anpil followers sou pi gwo flatfom rezo sosyo yo. Fantom gen 48,481 likes sou Facebook, 175K sou Instagram, sou Twiller nou pat ka konfime paj ofisyel atis la. Fantom son lot ou paka gade Selman sou sa kap pase sou rezo sosyo yo ak misye paske neg lari ak neg geto ki plis fanatik atis la pa gen tan pou rezo sosyo. Men moun ka remake ke atis la gen prezans sou neg la malgre li pa itilize’l jan’l ta dwe itilize’l. E nou ka di tou li pwofite de plizye trajedi li sibi nan karye li. Premy trajedi a se te lanmo Dade, Katafal, Déjà vu, kote solda yo te resevwa yon fineray nasyonal, sa te pemet tout res manm yo jwenn anpil atansyon. Sak pat kapitalize, se te fot yo, paske se te osi yon opotinite. Dezyem trajedi, se te le lapolis te bat Fantom nan ; sa te pemet atis la jwenn anpil view sou Facebook ak Youtube, anpil moun te exprime senpati pou li pandan anpil lot te griyen dan. Pou nou fini, denye trajedi a se te le atis lan te pran kouraj e boule nan kanaval 2 zan pase kote li te jwen anpil antasyon ak swen nan men gouvenman an ki te oganize kanaval la. Hit tankou Asefi, Pouki’w Pat Konprann Mwen toujou ap jwe nan tout pwogram Hip-hop Kreyol.
# 2. Baky Popile –
Non an selman sonnen kloch. Fos Yon Black ki te premye album MC an, fe pou li menm jan premye album Kendrick Lamar a – Good Kid, MAAD City. Album sa kite verifye e konfime MC Ameriken sa a ki te gon gwo buzz nan underground nan. RKM te gentan prepare chemen an pou Baky. Blake, Mr. Prodg, ki etidye game Hip-hop USA a byen, konseye Baky e ede bati yon buzz solid pou avan atis la eklate. Si nou sonje track Level la gen te gen Baky, P Jay, e Wendyy sou li, te track ki ede karye Baky byen komanse ; li montre sou kisa’l te kanpe lirikman palan. Fos Yon Black vin konfime Baky. Album nan klasik san wete san mete. Li te gen plizye hit sou li, ki swiv ak plizye bel video. Track tankou Ayiti Pam Nan Diferan featuring J Perry montre vizyon atis la, Boule Beat La bay prev mize’l fe beat pase, Prends Bien Soin D’Elle featuring Flav gen preske mwatye milyon views fou YouTube, Sikatris menm ke’l fe ak top Konpa atis Ti Joe Zenny pran ke medam yo net yo.
Baky te gentan konnen lap vin Popile vre, li etidye game nan byen e tande moun pou’l tande, respekte game, jwe kat li byen. Jodi a non’l kom pi gwo atis Rap Kreyol genyen nan moman an la. Kolaborasyon’l ak Ti Mick you’ve plizye pot pou li, paske nan chita ap chill e travay ak pitit Prezidan Sweet Micky (Michel Martelly), se pa ti koze non pou rap kreyol. Fok nou di tou, Baky gen anpil presyon sou li pou’l delivre yon bel album ki gen plizye hit sou li. Yon album ki ta dwe menm bi bon pase Fos Yon Black. SI nale nan Kendrick Lamar kom ekzanp, How To Pimp A Butterfly te fann te nan Mizik Biznis Ameriken an, li jwenn plizye Grammys, ki enkli Best Rap Album pou ane 2016. Nou swete dezwe’m album Baky a solid ase pou voye yon ti dlo sou album Wendyy a ki kontinye ap Dekontrole tout malad Rap Kreyol.
# 1. Wendyy King Traka
— Si li nan gwo liv, wap aprann yon gwo sekre nan vi sa – nenpot sa ou ou kwe ke reyisi. Donk nan kisa yon moun kwe enpotan. Jan yon moun kwe nan tet li enpotan. Se pa sa moun kwe’w ye, se sa ou kwe’w ye. Wendyy nek paret nan game nan li rele tet li king kareman. Li kanpe deye’l, li travay epi se sak fet. Sa pa vle di se li bon bon lirisis nan game nan, li gen plis odas e konfyans nan tet li. Li travay tou. Ene 2016 Wendyy deklare li Endetwonab e kanpe deye’l ak yon album solid ki fe tout fanatik Rap Kreyol Dekontwole. Wendyy sel rape ki gen mizik li kap jwe nan tou 2, fet konpa e fet Rap Kreyol. Kolaborasyon li ak JBeatz kap fe’w di – Oh My God, jan fanatik Kanpa apresye Wendyy flow sou mizik li kolabore ak JBeatz yo; two kolaborate say o toujou delivre bon travay ansanm. Donk tou sa yo ede ak polilarite Wendyyy e ba li avantaj li gen nan game nan.
Wendyy kenbe kouron li sa fe kek jou. Jenn MC a gen foug. Li travay sou craft li. Li toujou fon jan pou’l delivre avek swag li, e frape lestomak li. Nan game hip-hop fok ou fe dyole. Gen sak gen pwoblem le Jay-Z brag nan Rap Ameriken an, men Jay-Z senp selebre sikse’l, pwofite motive lot ballers (jwe) ki gen rev menm jan avek li. Game nan fok ou brag. Sek pou montre diferans la. Anpil pa brag paske yo konnen sak nan men yo a pa pou yo, depi yo fe bri, bat ko yo, lot kap cheche ap vin pran’l nan men yo. Wendyy sanble ap mouri ak kouwon li. Li fon jan pou proteje’l. Menm kolaborasyon, li pa fe sa ak nenpot moun. Si sa pap adisyone sou sipesta’l, ou bal plis lajan. Atitid Wendyy bon pou game sal sa. Kote neg pa respekte travay moun.
Sou Facebook Wendyyy gen 109, 270 likes, 134 K followers on Instagram, e sou Twitter li gen 28.3 K followers. Nou ka remake game nan pa gwo, nou bezwen plis fanatic. Ou ka we menm neg kin an top 5, pa gen followers pase sa. Nonb de moun kap swiv yo montre nivo game nan. Kalite moun kap swiv montre nivo biznis ki ekziste nan game nan.
Nou te ka eseye konvri plis pou montre kijan MC sa yo merite klasman sa yo, men ou ka fe pwop recheck pa’w e si ou ta jwenn yon lot rezilta, fe nou konnen nou ka gade nimewo yo ansanm. Top 5 Haitian Hip-hop MCs lis sa pa vle di se neg sa yo ki fo nan safe rap, nou gen pou nou vini ak lis top 5 lyricist yo pita.
sa’w panse? pataje opinyon’w sou chak MC sa yo, EPI PLEASE SHARE THIS POST.
The post HMI Buzz Top 5 Haitian Hip-hop MCs appeared first on HMIBUZZ.COM.