Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Wendyy :’Pwomotè Kap Rele’m Yo Kite’m An Repo’m’

$
0
0

Nou pa vle pran bagay la nan move kontèks, men pou pa fon rale sou post sa Wendyy poste la tap yon opòtinite rate. Nou di rate, paske nou pa ta vle pa fè atis la sonje ke tout bagay se tan. Ou ka ap mennen jodi a, tout bagay ap byen mache, e ou rete konsa tan’w ekspire. Donk, imilite konte. Nou konnen Hip-hop son tandans ki mache ak fè dyòlè, te ka se te objektif Wendyy ak mesaj:

 

MANMAN’M pa vlem pran PWOGRAM Ankò lol , So Pwomotè kap rele yo KITEM an repo’m Tande Loll #KING #TMG #yotarenmennanplasmwenmenyopakajèn

Nou ka di nan moman sa la, Wendyy vrèman Endetronab. Ka petèt se album Baky a ki pral bese chalè King nan, men moman nap pale la, vakans sa, Wendyy se pi gwo rock star Haitian Hip-hop game nan. Gen anpil demand pou MC a an Ayiti. Ta sanble pa gen lòt rapè ki ka mete pifò moun deyò pase Wendyy nan moman la. Donk li ta sipoze pwofite tete bèf la nèt pou jiskaske pa gon ti gout rete. Paske menm pwomotè kap rele’w jodi a, se yo ki pral rele lòt atis ki mete yon hot album deyò. Lè nivo popilarite w desann, pwomotè sa yo ap premye moun kap  minimize’w. Se pwofite pou pwofite atis; anyen pa etènèl.

Popilarite fin fè atis la “Dekontwole“. Ak jan de mesaj sa yo, etikèt arogan jwen yon ti chèz. Antouka, nou pap neglije rann kont Atis la ka fatige tou. Twòp pwogram a gòch a dwat nan peyi tankou Ayiti ka reyèlman fatigan. Ta sanble se lè pou Wendyy monte pri li jwe.

Wendyy kouri delete mesaj la, pa twò lontan aprè’ l te fin poste’l. Petèt yon moun rele l Di: ” Ki kaka Wap fè la Atis?” Men Ou konnen entènèt la depi w lage, Ou mèt delete mesaj la li toujou deyò a. Swete Atis la panse an gran moun. Panse menm Jan ak yon vrè King.

HMI Buzz

Wendyy:" Pwomotè kite'm an Repo'm'. HMI Buzz

Wendyy:” Pwomotè kite’m an Repo’m’. HMI Buzz

 

Facebooktwittergoogle_plus

The post Wendyy :’Pwomotè Kap Rele’m Yo Kite’m An Repo’m’ appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Trending Articles