Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16

$
0
0

 

Michel Martelly Defi Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16. 

 

Michel Martelly Pap ka Monte Cha - Kanaval 2Y16

Senate Andre Michel di Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16

Jan nou te di’l nan plizye atik nou te ekri sou zezon Eleksyon Prezidansyel 2015-2016 la, eleksyon 25 Oktob ap yon eleksyon istorik, youn nou pwal gen pou nou pale de li pou anpil ane. Donk, kom nou tout konnen ke Kanaval la vin politize nan yon nivo ki li pat janm konnen, Kanaval 2Y16 nan ka vin yon kanaval istorik tou si Sweet Micky ta monte cha e pase sou Champ De Mars selon deklarasyon Senate Andre Michel fe sou radyo … ke TripotayLakay.com te pibliye sou Facebook. Li aveti responsab komite kanaval la “si yo vle kanaval la ka pase byen. Si yo pa vle kanaval la gate, se pou paki Michel Martelly pase sou Champ De Mars, paske depi Michel Martelly monte yon cha kanaval rive Champ De Mars, deblozay ap pete. Kanaval la ap kraze.” Li kontinye fe konprann nan tout katye popile yo, moun yo pap aksepte sa, “kanaval la ap tounen an dezo”. Yo pap janm kite Micky monte cha ap fe joure moun pou 3 jou ap joure moun, “sa tap inakseptab”. Nou sonje, Senate Michel te youn nan senate ki te di fok li ta mouri pou eleksyon 24 Janvye a, ke konsey elektoral la de oblije kanpe pou tout vyolans ki te komanse e ki ta pral pi myel si eleksyon sa te fet.

Ye Dimanch la, Sweet Micky te lage kanaval 2016 li kote fanatik li fe tout jounen an ap pyafe, bat bravo pou jan Micky mande pou yo bay Tilili bannann na ak tout po; “Ba’l Bannann Nan” se youn nan kanaval ki pi ekoute. Moun telman tande kanaval la, pou jiskaske Carel Pedre te arive tweet ke “nan selman 18 minit. Ba’l Bannann gentan fe 6 mil views”.

Komite kanaval la ki anba kontwol madanm prezidan an, Sophia Martelly gen yon gwo respesponsabilite. Lap oblije repanse bagay yo si li pa vle san koule. Nan montre ki yes ki gen pi gwo grenn bagay la ka gate. Jwet la ka vire yon lot nivo e pran yon lot dimansyon. Jan Andre Michel pale a, pep la pap aksepte Sweet Micky vin derespekte yo ap li fe plis ke 4 an ap manke moun dega, e pa janm fe eleksyon e menm arive eseye vole eleksyon an. Michel aveti Komite kanaval pou pran prekosyon pou sa l we kap pare nan katye popile yo. Ta sanble tout gwo neg yo ap vin tann Sweet Micky sou Champ De Mars. Pa gen sekre ke tout neg gwo zam anba. Moun ka pa chwazi peye atansyon ap sa kap di e fet sou beton an, men moun ki konnen pi byen konnen jan de bagay sa yo pase an Afrik tout tan.

Polemik Djakout #1 na ak T Vice ka pa menm rive Champ De Mars, si Sweet Micky ta monte cha e rive Champ De Mars anvan. Bon kom tou de djaz yo di yo gen zanm nan kanaval yo a, bagay la ka vire an “katakata” kanmenm.

Daye neg yo montre fwa sa yo pa pe blan, e sitou Etazini nan moman an ap prepare pou eleksyon nan fen 7 Novanm, kote pap ka gen yon prezidan ki pran desizyon fe envasyon la. Obama li men, se nan denye ane’l li ye, Ayiti pat janm nan lis li. Nou gen Hilary Clinton li menm ke tout moun vin konnen ki te mete Michel Martelly prezidan ki pat menm vin an 3em pozisyon an 2010, ke Opont Pierre Louis, ansyen prezidan Konsyel Elektoral la te konfime. Donald Trump ap pare pou Hilary Clinton pou’l al ekspoze tout “monkey business” li menm ak mari’l Prezidan Bill Clinton an Ayiti. Etazini pap ka kanpe ouvetman kote Sweet Micky nan bagay sa, selon analiz nou.

Jodi politik mete nou youn an fas lot, pandan yon ti gwoup ap benefisye. Sa kap goumen pou lajan, sa kap goumen pou pouvwa, sa kap goumen pou plis pouvwa, e chak ta vel fe konprann lap goumen pou yon bon koz. Nou swete mesye yo panse ak ekzanp yap kite pou ti moun kap vini yo. Divizyon an pat janm mennen nou yon kote e li pap janm mennen nou pres kote. Nou fe istwa e aprann tout sa ki pase nan yon seri de peyi nan mond la ki kite moun divize yo. Nou swete akte jwet la pran konsyans e sispann panse de tet yo, bay peyi a yon ti chans, e montre tout le mond nou ka dirije tet nou, nou se  met tet nou.

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Michel Martelly Pap ka Monte Cha – Kanaval 2Y16 appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Trending Articles