Semèn pase aprè nouvèl la te pibliye ke Carimi kraze, anpil moun te ka panse mond HMI lan tap chavire. Kisa’k ta di, patap menm gon ti rèl. Petèt se mesye yo ki te kriye avan yo te mete nòt de près la deyò. Byen si, fòk yo ta panse kijan fanatik yo ta pral fache, kijan medya ta pral reyaji. Pa gen moun Ki pentire kòm viktim. Ni Corlo, ni Richard Cave pa bay enpresyon sa. Michael tap gentan pale si’l tap pale. Nouvèl la tonbe anpil moun te sezi, men anpil moun tou pat sipriz. Se pa menm Bagay lè Gazzman te kite Nu Look. Nouvèl djazz la ap kraze a pat fè anpil moun cho no frèt. Sitou anprè tout rimè Ki tap sikile deyò a. Kanmenm fòk nou bay mesye Carimi yo respè, paske “Sak fèt nan Carimi, Ret nan Carimi” vre.
Ou kwè nap janm konnen poukisa djaz la kraze? Kèlkeswa sa kap pale deyò, sak pa konfime rete rimè. Nan fè nwa HMI, ou kwè nou pata bezwen yon ti limyè? Kiyès kap “Klere yo”. Carlo pale, li pa di anyen. Yo di Kreyòl pale Kreyòlab konprann, donk kisa Richard Cave vle di ak pawòl sa:”Se Bondye Avèk Enbesil Ki Pa Chanje”? Se sa li te di nan yon mesaj, aprè li te sot nan silans li. Nou poko konprann. Bon genlè fòk se ta Michael ki ta pou pale pou fanatik yo Ka konprann. Eske lap pale? Kilè lap pale? Sak konnen! Nou Ka pa janm konnen paske sak fèt nan Carimi ankò ret nan Carimi.
Mesaj Richard Cave a se plis yon mesaj Ki Pou ta konsole fanatik Carimi yo, men pa gen moun Ki tap kriye ankò. Djaz la gen lontan la, li pa nan nivo li te ye a ankò. Kote moun ki Konn Biznis Mizik la byen te ka remake djazz la te bezwen yon chanjman. Yon Bagay te sipoze fèt. Fòk djazz la ta reenvante Tèt li. Nou marye la, pa di pou’n Mouri la. Van divòz sa ap soufle kèk jou. “Carimi son gwo fanmi. Son Fanmi, menm Madanm a Mari divòse. E Èske yo pa renmen to moun yo, yo toujou renmen timoun yo”, Richard eksplike. Bon “Michael ak Carimi ap toujou renmen Mizik yo”, Richard kontinye. Sa pa vle di pap gon lòt maryaj, sitou tou moun toujou jèn e gen règ San yo Sou yo. Petèt mennanj la la kèk jou.
Si Nou Sonje, se Carlo Vieux kite premye pale nan yon interview li te bay Kompamagazine. E si Nou te pran San Nou byen Pou te eseye konpran sa’l pat di, gon lòt djaz Ki nan rout. Li te fè konprann si gon Bagay kap fèt se antre li menm, Richard ak Fito. Non Michael pat mansyone nan posibilite sa. Aprè 15 an, anpil hit, Carimi te déjà fè tout Bagay nan HMI la, yo Ka refon lòt Bagay. Bon petèt se sa pawòl sa :”Se Bondye Avèk Enbesil Ki Pa Chanje”, Richard Cave te vle di. Yo pa Enbesil, yo pa Bondye; donk yap chanje non djazz la. Mesye yo pral Kreye yon lòt Buzz.
Are You Ready?
HMI Buzz
The post Richard Cave Bay Eulogy Carimi appeared first on HMIBUZZ.COM.