Kanye West Kite Fanm Jwe Nan Twou Bouda’l.
Bon, depi ye maten, bagay kap fe aktyalite a se gran atis Kanye West ki ta sanble yon neg ki renmen fan’m jwe nan twou bouda’l. Pou prepare fanatik li yo e tout res mond la pou setyem album li kap rele Waves ki gen pou soti tre byento. Depi sou premye album nan te College Dropout, swiv– Late Registration, Graduation, 808 & Heartbreak, My Beautiful Dark Twisted Fantasy, Yeezus, e kounye a Waves, Kanye toujou kreye yon buzz pou’l fe moun eksite, paka ret tann album nan. Enben Wiz Khalifa, ki se star ki te marye ak ansyen fanm Kanye, Amber Rosse, te voye yon toya apre Kanye te fin tweet album nan ki pral soti a. Sa fe 2 atis yo nan joure sou twitter. Pou jiskaske, Kanye West lage yon tweet ki pase men pran Eks li (Ex; ki vle di anyen mennaj ou amoure). Manmzel lage yon ti tweet byen senp ki ale konsa — ” Awww @kanyewest are u mad i’m not around to play in ur a** ole anymore?”. Nou tradwi ” Awww @kanyewest ou fache m pa la pou’m jwe ak twou bouda’w anko?”. Woy!!! sa fe anpil pale sou Facebook, Twitter, Instagram; moun menm ap fe meme di kap dekri atis la nan yon eta ou pap ka konprann.
Tout moun sou rezo sosyo yo ka ap pase Kanye nan rizib la, ap ri’l, e menm kesyone eske li se yon masisi. Kanye menm ap souri, paske li konnen fok moun pale kaka pou biznis la mache. Tout otan li ka jwenn kaka pou’l ba yo pou yo pale, se plis yap follow’l. Ou ka imajine’w, moun telman bezwen konnen sa kap pase nan la vi gwo selebritite sa yo, yo ka pase tout jounen yo sou Social Media pou ap veye sak di. Selebrite yo konnen fok kaka pale, paske pi fo moun renmen le gen kaka kap pale. Le vi prive moun ta soti, anpil moun jwen anpil entere pou yo ka jije. Pa bliye nap viv nan yon laj, kote chire youn lot, desann youn lot se sa ki alamod. Moun renmen kanpe sou de ran pou ap asiste. Se menm jan la nan kriz politik lakay la, ou ka we se sou Facebook pou anpil moun pran News Yo. Sak kanpe sou de ran, sa kap tout eksprime tet e montre kote yo kanpe. Men tou nou konnen tout bagay gen yon jwet ladan’l, e depi genyen yon jwet, genyen jwe ladan’l. Ap toujou gen yon ganyan, yon pedan, ak yon kap pedi tan.
Nap viv nan yon tan la, tout moun ap cheche freedom yo. Tout moun vle eksprime tet yo. Sije ki enterese moun yo tankou Sex, Joure, Denigre, Tiye ect. Yap cheche Konnfuz nou pou pwofi ka fet.
HMI Buzz, bay Eksperyans Ayisyen Ameriken an.
Rodly Madeus
The post Kanye West Kite Fanm Jwe Nan Twou Bouda’l appeared first on HMIBUZZ.COM.