Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe

$
0
0

Karizma di’l byen, si nou pa bay lanmou Syèl Lap Tonbe. Bagay lanmou sa se pa bagay nou ka pran a lejè menm. Si pa gen afeksyon nan kay la. si’w pa bay lanmou jan’l vle’l la, kijan pou’w fè jwenn lanmou? Tanpri pran ti chèz ba; gon istwa lanmou nou pral rakonte’w la ki gen anpil leson. Istwa sa se pou neg ki pap jere fanm yo, ki pap jere lanmou, ki pap bay afeksyon, ki neglije ba li bon love, epi madan’m li kòmanse gade lòt direksyon. Li bouke plenyen, li bouke soufri – Bagay la vin Konplike.

Patrick ak Marie kwaze pou premye fwa nan yon blibliyotèk, midi plen. Zye yo kontre, nanm yo kominike epi yo tou konekte, e yo tou 2 souri. Yo fè konesans, yo echanj kontak, e yo di orevwa an souriyan. Yo pase tout rès jounen ap chat.

“Ou gen mari cherie?”, Patrick mande Marie. “It’s complicated”, se sèl sa Marie reponn. Patrick menm li son jenjan ki byen senp. Li  fè tout bagay byen senp. Li pwofite bay bèl konvèzasyon. Pou li “complicated” means risk, en kòm li son patnè ki kiryè, li kòmanse vire konvèzasyon an. Moun yo pale, yo ri, yo pale tout bagay, yo pale tankou 2 moun ki swaf yonn lòt. Tanzantan son ti mesaj, yon ti souri.

Enben bagay la vin Konplike vre wi. Fanm gentan di li lap kite ak mari’l, bagay yo pa gen avni. Pa gen lanmou, pa gen rèv, pa gen sansasyon, pa gen satisfaksyon. Kòm nou konnen chak aksyon gen reyaksyon. Aksyonè Patrick la ap chèche fè aksyon?

Ricardo li menm ki se mari a, paka fè tou lè twa job yo byen e li panse pawòl ka kenbe fanm.  Anpil nèg pa konpran ki jòb ki pi enpòtan deyò a. Tout prèv yo montre Patrick pap fè travay li vre, men la lwa di se mandanm li. Mmmmm. Adje! Danje wi la tout gason ki paka fè jòb yo. Si nou ta bay nèg yo yon ti avètisman di yo — PA NEGLIJE JòB LANMOU AN, si non Syèl Lap Tonbe.

Sak bon nan chante sa, sèke lead chantè Karizma a, Emmery rann tèt responsab. Li admèt se fòt li e tou konseye mesye yo pou yo jere fanm yo, jere lanmou.

N’ale!!!!

HMI Buzz

 

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe. HMIbuzz.com

Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe. HMIbuzz.com

facebooktwittergoogle_plus

The post Karizma Avèti Syèl Lap Tonbe Tonbe appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Latest Images

Trending Articles



Latest Images