Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non

$
0
0

 

Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non

 

DJakout Mizik, pa twò lontan, se te yon gwo non nan biznis la. Yon non ki te fe kloch sonnen. Premye djazz ki pot ko menm pati ki tap jwe “Konpa US”. DJazz la te jwenn viza e antre Etazini nan komansman 2000 yo. Zibo ENT. te pran djazz la mete’l nan syel HMI la, pandan yo tap vide hit Sou hit nan fye’l HMI la.

Shabba fè tout moun konnen gon kach kite tonbe. Figi tout mizisyen yo – chante a Pouchon Diverger, batè Roro, Kibòdis Mamanne, Ti Regi ak ti keytar l, sou do plizyè HUMMER H1 nan tout Miami, Fort Lauderdale, West Palm Beach, e Ayiti cheri. Premye djazz konpa ki te fe gwo kokennchenn maketing sa yo, si w konn Se te gwo atis rap nan endistri mizik Ameriken an. Djakout Mizik fè anpil tan ap mache bat djazz; tout djazz pase anba’l. Depi djazz la frape tout moun se – « men ame seles la ». Tou moun « Loue Christ La » nan Festival Compas Fest chak epòk 18 Me, weekend festival la.  « Mannigeta », « Bisnis Pam », ak anpil lòt hit. Nap fè istwa long vin kout, mesye yo fè non yo pandan djazz la gen non’l, yo te gen dwa pat kreye djazz la, men se yo menm ki te fe non djazz la, donk yo te vin rive nan yon pwen kote tout kle manm djazz la te oblije fè yon pi bon chemen pou yo. Mesye yo vin rive panse yo pap  travay ak moun ankò. Aprè anpil mizantann, tout mesye yo nou site anle a, deside kreye pwop gwoup pa yo – Djakout #1, epi tout rès bagay yo fè istwa.

Mèt djazz la (Djakout Mizik)  eseye kenbe non an, men li vin difisil, paske moun yo kite djazz la e Fanatik yo swiv. Yo chwazi sipesta yo sou enstitisyon an. Djakout Mizik pa janm vin menm jan anko. Pi ggwo bri misye yo te fè se kanaval “Lekòl Gratis”, kote yo tap ankouraje Shabba pou pran avantaj de lekòt gratis Presidan Michel Martelly tap bay. Kanaval la te fè gwo buzz, men li parèt tankou yon ti foumi kap mòde yon elefan –Djakout #1.

Dirijan Djakout Mizik ta sanble bouke goumen. Nou konnen men nan NBA, si nou ka pran yon ekzanp sou Basketball, se pa tout oganizasyon ki ka kenbe si gwo jwè tankou Lebron James ta al nan yon lòt ekip. Nou ka wè ki jan Miami Heat, ki te ale nan final ak LeBron James 4 fwa konsekitifman, pa menm met Playoffs la ane apre  King James deside tounen lakay li Cleveland. Pa gen gwo jwè pa gen gwo ekip.

Mesye yo, wè li lè pou yo fon lòt bagay. Chanje non djazz la se sa yo wè Kòm yon solisyon pou bon jèn talan djazz la genyen la, Pedro pa kokobe anba non sa. Predro, lead chante djazz la, son atis ki gen anpil talan e ki ka chante nan tout stil, se jwè dirijan yo vle rebati ekip la evèl. Nou ka pran NBA, pou ekzanp ankò, ekip ka chanje non. Sitou, si premye non an gen tach ki pap ede’l. Djakout mizik djazz la ka toujou lou anba yon lot non.

Nou te gen gon ti chans pale ak Pedro e li pataje ak nou anpil kèk bagay tout moun kap swiv HMI la ta dwe konnen.

HMI Buzz

 

 

facebooktwittergoogle_plus

The post Pedro Konfime Djakout Mizik Ap Chanje Non appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Trending Articles