Quantcast
Channel: Music
Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Gran Tou – Vag Lavi , Blackboy, Lil Zoe.

$
0
0

Gran Tou – Vag Lavi ,  Blackboy, Lil Zoe.

Gran Tou - Vag Lavi - Blackboy - Lil Zoe

Gran Tou – Vag Lavi – Blackboy – Lil Zoe – HMI Buzz

Si nou ta di Ayiti chaje ak talan, sa tap yon pleyonas. Pandan majorite moun fokis sou sa yo ki popilè sèlman, nap dòmi sou yon pakèt bèl jèn atis Ki chaje ak talan kap vini. Nou fyè pou nou ankadre anpil nan Atis sa yo e ede mete spotlight la sou yo. Atis sa yo map pale la, gen lontan depi yap fè buzz e si gran pliblik la poko konnen yo se paske medya pap fè travay li jan li ta dwe fèl. Nap prezante’ Vag Lavi, Blackboy, ak Lil Zoe. Tou lè twa atis sa yo kòmanse fè non yo, sitou Vag Lavi nan tandans Rabòday la. Blackboy gen yon nan pi gwo hit nan lari ki rele “Kwa Pam”, e Lil Zoe te oze’l mande, “Eske Se Vre ?” ki son track ki gen anpil non site ladan’l, Ki te trè entèresan.
3 mesye sa yo Collabo ansanm nan nouvo track sa – Gran Tou, ki son track pou onore fanm Ayisyèn yo.

Nou pap bay Tèt Nou manti medam nou yo merite plis jan de jès sa yo. Yo merite plis chante tankou “Gran Tou” pou non sèlman ankouraje yo, men pou selebre yo tou. Chante a byen Dirèk e eksplike Tèt li, menmsi Lang kreyol la pafwa ka gen fraz ke moun ka entèprete nan lòt sans. Pa ekzanp “Gran Tou” ka sonnen tankou :” “Gran Twou”, ki tap yon betiz, e nou konnen gen vagabon Se sa yap chante lè yo tande mizik sa. Fanm tankou Edridge Danticat, Garcelle Beauvais, Mirlande Manigat, Liliane Pierre Paul, e Emeline Michel site trè fò nan mizik sa. Rutshelle, Princess Eud, Shassy site Kòm gwan tou.
Nou te gen chans asiste sesyon sa kote mesye yo tap anrejistre mizik sa, pandan nou te Okap ak mesye yo, paske Nou te Ayiti Pou te  asiste Mareus Production nan mouvman sosyal li tap fè pou mwa Desanm pase a. Ou ka tande Vag Lavi site non Oz’mosis nan mizik la: “Oz’mosis my friend”.

Antouka, enjoy Gran Tou!

HMI Buzz

 

 

DCIM100GOPROGOPR0605.

Vag Lavi, Lil Zoe, Hassan, Mai 18

DCIM100GOPROGOPR0611.

Lil Zoe in Gonaives

facebooktwittergoogle_plus

The post Gran Tou – Vag Lavi , Blackboy, Lil Zoe. appeared first on HMIBUZZ.COM.


Viewing all articles
Browse latest Browse all 113

Trending Articles